Pòdpè leve anba tansyon 4 X 4 aprè dap piyanp Gadkòt fè sou 2 bato nan rad Pòdpè a

1,969

09-05-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè Gadkòt te fin remoke 2 bato nan Pòdpè a, Miss Lilie ak El Shadaï nan direksyon kapital peyi Dayiti, popilasyon an nan site Kapwa Lamò a, pa rete bwa kwaze.

Anpil kawoutchou ap boule, barikad nan tout ti kwen, bal ap tire, sa ki lakòz byen bonè maten an tout aktivite yo sanse paralize. Pou anpil moun, bilan dega yo anpil. Genyen 2 polisye ki blese gravman grav, 2 maren mare kou krab epi yo rantre ak yo pòtopwens san konte lòt sitwàyen ke yo matrake.

Antouka pou popilasyon an, ti rès gouvènman moun tèt san cheve yo dwe retounen sou desizyon sila, paske moun Nòdwès se pò a ki bayo manje, edike pitit yo san konte divès lòt aktivite bwasaj.

Sepandan, yon sous ke moun kapab fè konfyans ta konfye TRiboLAND ke 2 bato LETA ayisyen vòlè yo ta deja mouye nan pò Okap ayisyen an, yon enfòmasyon ki rete enverifyàb.

Comments are closed.