Manifestasyon nan Pòdpè : Sektè anseyan an, sou leadership COPLASEHQ, mande respè Akò 29 Janvye 2025 lan.

Nòdwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan TRiboLAND te deja anonse li a, anseyan yo nan Nòdwès, sou leadership COPLASEHQ (Kowalisyon Platfòm Sendika Edikasyon Ayisyèn Kalite), òganize jounen mèkredi 09 jiyè 2025 lan, yon manifestasyon nan vil Pòdepè; yon demach ki antre nan egzije minis Edikasyon Nasyonal la, msye Antoine Augustin respekte Akò 20 janvye 2025 lan.
Pwotestatè yo, ki te ankòlè e ki t ap pakouri plizyè ri nan vil Pòdpè ak pankat nan men yo, t ap lanse pawol pimanbouk kont Leta sanginè sila a yo di ki kontinye ap woule yo nan farin; konsa, yo voye di minis Antoine Augustin revandikasyon yo pa chanje: lèt nominasyon, kat debi, alinyeman sale, ajisteman salaryal, e aryere sale, pou n site sa yo sèlman.
Manifestan yo rapousib pou di “si tout fwa pwen yo mansyone la yo pa rive respekte kòm sa dwa, egzamen Bakaloreya ki prevwa pou lendi 14 jiyè 2025 lan, p ap posib answit aneskolè 2025 – 2026 ap tou boycott.
Manifestasyon an ki t al bout devan direksyon depatmantal Edikasyon Nòdwès la, sou wot sekirite PNH, te fini san ankenn ensidan. Òganizatè yo bay randevou, lendi 14 jiyè 2025 lan, dat ministè an chwazi pou reyalize egzamen ofisyèl NS4 yo.






