Move tretman otorite Bahamas yo kont imigran ayisyen bay degoutans entènasyonal

0 322

Naso___(TRiboLAND) Gouvènman Bahamas la ap trese lèl yon fason pou pare kou sou gwo kritik entènasyonal ki pa sispann sikile sou rezo sosyàl yo nan fason yo trete imigran viktim siklònn ayisyen yo.

Nan yon moman kote ke peyi Bahamas ap resevwa masiv èd entènasyonal tout kalite bò kote òganizasyon ki gen kè nan men apwè dega san parèy Ouwagan Dorian yo. Konsa, anpil moun sezi wè konpòtman ensansib ak iritan gouvènman Minis la ki afiche yon kzenofobi ke anpil moun estime ki ap wonje repitasyon Bahamas atravè lemonn; desizyon pou voye retounen ayisyen ilegal viktim Dorian, ak kout klewon ki envite moun rele chalbarik dèyè imigran ayisyen e mete yo dèyè bawo e maltrete yo, pa sispann devwale sou rezo sosyal yo.

Gouvènman Bahamas la, ki ta sanble li bliye ke li se yon sinyatè Chàt Nasyon Zini an atravè Konvansyon Dwa Moun, trouve li nan obligasyon pou li mete yon kanpay kap jistifye desizyon imigrasyon Bahamas pou depòte ayisyen ilegal viktim ouwagan Dorian yo.

Kidonk move trètman malsen ke yo enflije a ayisyen yo leve plim sou do anpil moun ki te gentan voye yon pakèt asistans bay Bahamas. Tout èd sa yo ki tap soti nan tout bout kwen, te fèt avèk grandè ak imanite alòske responsab otorite Bahamas yo trete imigran viktim ayisyen yo kontrèman, yon imaj ki anbarase pèp Bahamas la.

Leave A Reply