Me ki sa TRiboLAND konnen de leve kanpe ant Iran ak Etazini an

0 438

Avèk Jacob Bendalham

  • Byen bonè maten Vandredi 3 Janvye 2020 an, youn pami pi gwo figi nan Repiblik Islamik la, alatèt fòs militè Quds elit Iran an, Jeneral Qassem Soleimani jwenn lamò li ansanm ak yon lòt jeneral irakyen nan bagdad anba yon fwap dwònn e misil ameriken. Yon kantite enkalkilab nan popilasyon iranyènn nan pran lari e yo ap plere sou disparisyon gwo potorik gason sa dapwè iranyen yo.
  • Sekretè Deta Etazini an riposte e li deklare pa gen bagay sa pyès; peyi Etazini pa gen oken entansyon pou retire kò lame li nan peyi Irak. Li fè deklarasyon sa apwè ke Palman irakyen pase yon rezolusyon nan Dimanch ki mande pou twoup Ameriken yo bay peyi Irak blanch.
  • Rezolusyon sa ki pa genyen dizon ameriken yo ladanl, mande plis pase 5,000 gason batayè etazini pour ache manyòk yo e bay peyi Irak blanch. Pwezidan Donald Trump deklare ke ti mari pap moute, ti mari pap desann. Nou pap kite peyi Irak tout otan yo pa peye nou lajan baz aeryen ki nan Irak la.
  • Gouvènman iranyen an deklare ke li pap koube ankò anba akò nikleyè 2015 lan, e li pwèt la pou pase anba pye restriksyon sou itilizasyon iranywòm ak divès lòt materyo. Yon kontra ke Pwezidan Trump te sou zestime.
  • Trump deklare ke genyen petèt posibilite pou administrasyon li a ta diskite enfòmasyon sansib kit e pèmèt yo elimine Jeneral Soleimani.
  • Responsab peyi Iran yo sèmante ke yo ap vanje asasinaj Soleimani wè pa wè; senpleman yo ta renmen pou moun rete gade sèlman. Nan yon twit ki li fè sòti yè Samdi a, Mesye Trump deklare si Iran ta gen malè riposte enterè oubyen manyen yon ameriken, li pap ezite sible 52 lokasyon ou sit patrimwann kiltirèl iranyen.
  • Maison Blanche voye yon notifikasyon fòmèl bay Chanm Depite a sou fwap aeryen an tankou jan sa rekòmande sou Lwa Lagè nan peyi Etazini.
  • Anpil nan ofisyèl palmantè yo divize sou dènye fwap aeryen yo, Repibliken yo bat gwo bwavo lakontantman pou desizyon Trump lan, alòske Demokrat yo on ti jan pentad sou enpak desizyon sa pral genyen.
  • Demen Madi 7 Janvye 2020 an, ap genyen kontrandi kap envòl lidè nan tou de pati yo, avèk swadizan gwoup gang 8 kap soti nan chanm Depite a ak Sena a ansanm ak gwo bwa ki nan 2 komite entelijans yo.
  • Alòske Mèkredi kap vini la, yon lòt kontrandi gen pou bay avèk manb 2 chanm yo; se Sekretè Deta Mike Pompeo ak Sekretè Defans Mark Esper, Chèf adjwen ou Jeneral Alatèt Mark Milley san bliye Dirèktè CIA a, Gina Haspel.
  • Pwezidan Repiblik Islamik lan, Hassan Rouhani reponn Trump sou 52 sit yo si tout fwa Iran ta vanje pou fwap Soleimani an. Mesye Trump di ke li refere a 52 Ameriken ke Iran te pran an notaj pou 444 jou ant lane 1979 – 1981 apwè revolusyon.
  • Rouhani lage yon twit deyò ko te ke li avèti Trump pou li pa “jamè menase nasyon ki rele Iran an.” E li kontinye pou li di “say o ki ap refere de nimewo 52 a, dwe sonje imewo 290 la tou ak nimewo IR655. Rouhani tap refere li de Vol 655 Avyon komèsyal Iran an ke Etazini te sote ak yon misil sou Gòlf Pèsik la nan lane 1988, kote ke tout 290 pasajè yo te mouri. Yon trajedi kit e oblije Etazini dedomaje peyi Iran avèk yon montan de $131.8 milyon devan Tribinal Entènasyonal.
  • Sekretè Jeneral Nasyon Tèt Kole yo, António Guterres deklare bay repòtè ke “nouvèl ane a kòmanse ak yon monn ki boulvèse anpil,” “Tansyon jewopolitik yo moute piwo ke yo pa janm rive. E tibilans lan pa sispann deteryore.”
Leave A Reply