Floride: Yon boeing 737 ateri nan dlo nan Jacksonville

0 304

FLORID__(Triboland) Yon Boeing 737 avèk 143 moun abò rate yon aterisaj pendan yon move tan oblije pwan direksyon dlo flèv Saint John toupwè Jacksonville nan Florid. Aksidan sa fè pou pi piti 21 moun blese dapwè otorite local yo.

Pa genyen moun ki mouri e blese grav, selon biwo sheriff Jacksonville la nan yon twit. Pa mezi pwekosyon, 21 moun ki blese yo te oblije ospitalize.

Antouka, Boeing 737-800 ke konpayi charter Miami Air International te frete tap soti nan baz naval Guantanamo nan Kiba e al ateri nan dlo vè 21h40 lè local selon sa baz aryeren Jacksonville la ta fè konnen.

Konsa, avyon an pat gentan plonje anba dlo; tout pasajè yo te sove sen e sof, selon sheriff Jacksonville la nan yon twit ak foto avyon an kap flote sou dlo-a san pwoblèm. Majistra Jacksonville la, Lenny Curry, fè konnen Donald Trump te rele-l e pwopoze èd li.

Baz aryeren Jacksonville la localize nan arebò flèv Saint Johns, nan nòdès Floride anviron 550 km nan nò Miami.

Credit photo: Vox

Leave A Reply