Diplomasi ayisyèn nan ta sanble ap pran jarèt nan peyi Ajantin

2,926

04/09/2022

Bwenos Ayres, Ajantin______(TRiboLAND) Si diplomasi ayisyèn nan ap pran sakàd lawont ak kòripsyon nan yon pakèt bwàt diplomatik nan peyi etranje; se konplètman diferan pou kò diplomatik ayisyèn nan peyi Ajantin. Imaj ou inisyativ ke Anbasad Dayiti nan peyi Maradona ap pwojte, fasilite pèp ajanten an eprouve anpil respè pou Ayiti ki genyen yon lyen estorik solid avèk yo.

Nan peyi Ajantin, ou prèske pap pase 2 mwà pou Ayiti pa alonè! Kòmanse sou ofran floral ki te depoze, sa pa gen lontan devan yon monuman Alexandre Pétion, pase sou inogirasyon yon mural pòtrè Jeneral la, rive sou yon seri gro aktivite ki te fèt nan yon vil ki pote non Alexandre Pétion nan Ajantin; nan mwens ke 2 semèn aprè, Ayiti te ankò alonè yè jedi 7 avril 2022 a sou Fregat “Libertad”, kote ke atravè anbasadè ayisyen an, Vilbert Belizaire ak plizyè lòt manm misyon diplomatik la te resevwà lonè militè sou gwo bato Lame Repiblik Ajantin nan.

Anba envitasyon direksyon jeneral Lekòl Naval Militè a, Amiral Marcelo Tarapow, Anbasadè Vilbert Bélizaire ak lòt manm misyon diplomatik la te jwen yon akèy onorab ou tapi wouj abò Fregàt Lame Repiblik Ajantin nan ki te genyen bikolò ayisyen an ki tap flote.  Bato a ki se yon veritab mèvèy, te genyen abò li egalman 2 etidyan ou bousye ayisyen ki apèn kòmanse yon program fòmasyon, Madam Thamara Kendia Polo ki soti nan Lekòl Naval Ofisye yo (5 lane) e Mesye Wesmyr Maurice ki soti nan Lekòl Sou-ofisye (2 lane).

Te genyen diferan aktivite ki te make yon parèy evenman sou Fregàt la ki te soti nan yon rejyon ki rele Madel Plata, nan Ajantin. Devan yon odyans melanje de tout kalite kouch tankou: profesè, militè ak kaptèn tout plimay, Anbasadè Bélizaire te asure segman sinyati liv Amiral Marcelo Tarapow a, projeksyon yon videyo ki eksplike aktivite jounalyè ekipaj Fregàt la e yon ti “aperitif bat bouch” ke responsab kwizin Fregàt la tap sèvi, tout sa yo te sèvi pwen fò evenman an.

Kò diplomatik ayisyen an te genyen ti pawoli prive ak 2 etidyan konsène yo ki pat manke kapitalize sou yon latriye bagay ke yo deja aprann nan 2 ou 3 mwà; yon kontrandi ki ta pràl devlope lakay Anbasadè Bélizaire yon sans satisfaksyon nan kàd yon seri demach ke li menm ak Amiral Marcelo Tarapow te mennen pou te fasilite etidyan yo antre gratwit nan yon progràm ki koute depase san mil dola vèt blan meriken.

Antouka, fè joune sou Fregàt “Libertad” la, te klotire ak yon seri souvni ke Anbasadè Vilbert Bélizaire te resevwà bò kote otorite dlo sale peyi Ajantin yo; pami yo ou jwen yon kepi espesyàl ki genyen mak otantik Fregàt la ak yon liv paragrafye ke Amiral Tarapow ekri ki relate gro evenman nan egzistans “Fregata Libertad” la.

Si lòt kote diplomasi ayisyèn nan an malmakak, nan peyi Ajantin, pèp ajanten an pa sispan viv tout kalite opòtinite ki fasilite yo tonbe damou pou kilti atisyèn nan atravè yon bwàt diplomatik ki djanm e ki pa sispan kreye ou vann bèl imaj peyi lakay san rete. Nap raple ou se nan yon kontèks parèy ke Amiral Marcelo Tarapow ap travay pou li arive pale kreyòl!

Comments are closed.