Aktivite yo te reprann a 80 % jounen maten lendi 18 fevrye nan Podepè

0 274

02-18-2019

PODPE___(Triboland) Aktivite yo reprann a 80 % jounen maten lendi 18 fevrye sa a nan vil podepè aprè 10 jou tansyon kote tout depatman peyi a te leve kanpe kont pouvwa anplas la pou lavi chè ak dola ameriken an yo di kap imilye goud ayisyen an chak jou bondye mete nan peyi a. Tout fwa nap raple tout bisnis ouvri pòt yo, transpò a fonksyone kòmsadwa.

Li enpòtan pou nou di lekòl piblik kòm prive pat fonksyone maten lendi sa a malgre responsab yo nan leta a te fè apèl pou tout timoun te pran chemen lekòl, men sa pat anpeche tout paran kenbe timoun yo lakay yo Plizyè sitwayen te repòte nan mikwo triboland ke: se pa pwoblèm timoun paka ale lekòl peyi a genyen jounen jodia; pandan yo di se pwoblèm grangou ak dola ameriken an pou gouvènman an rezoud nan peyi a.

Yon lòt bò menm sitwayen sa yo di gouvènman moun tèt san cheve sa yo bay tròp manti yo mande pou prezidan Jovenel Moise ak chèf gouvènman an notè Jean Henry Ceant kite peyi a. Tout fwa sitwayen sa yo kontinye pou yo di gouvènman Moise Ceant an pase 24 mwa sou pouvwa san okenn bilan.

Charlestin Fatilien, Triboland.com

Leave A Reply