Martine Moise konsidere antre nan kous eleksyon pwezidansyèl la

894

07/30/2021

Etazini____(TRiboLAND) Apèn li fin antere mari li, pwezidan Jovenel Moise ki te asasine 7 jwiyè 2021 dènye nan Pèleren 5, ansyèn pwemyè dàm nan Martine Moise konsidere antre nan kous pwezidansyèl la kòm kandida pou pwochen eleksyon yo nan peyi Dayiti.

Martine Moise fè revelasyon sa nan yon journal trè popilè nan peyi Etazini ki rele “The New York Times. Vèv la deklare otomatikman li fini ak lòt entèvansyon chirijikal yo pou men dwàt li ki te resevwa yon katouch nan asasinay pwezidan Jovenel Moise la, l ap anvizaje kouri dèyè chèz boure pwezidansyèl la yon fason pou li pa kite vizyon ou rèv Jovenel Moise la kaba.

Madanm defen an ta lonje dwàt jouda sou klas oligat yo, patikilyèman Réginald Boulos ki se youn nan antite ki òdone asasinay mari li, dapwè sa Martine Moise revele bay “The New York Times”, yon journal ameriken.

Comments are closed.