Ayiti/ diplomasi : Depòtasyon imigran ayisyen yo nan repiblik dominikèn rapouswiv.

2,359

05-31-2022

Dajabon, RD-D____(TRiboLAND) Depòtasyon migran yo nan repiblik dominikèn ap kontinye san kanpe sou lòd gouvènman dominiken an ki gen nan tèt li, prezidan Luis Abinader.

Nan kad yon vizit Triboland fè yè vandredi 27 me 2022 sou fwontyè a, konsta yo montre ke imigrasyon nan repiblik dominikèn pa sispann rapatriye ayisyen yo sou tout fòm sou tèritwa dominiken an.

Granmoun tankou ti moun, menm fanm ansent pa epanye nan kad rapatriman sa yo. Sou kouvèti anonima, nan yon ti kout paroli yon ajan kap travay nan biwo imigrasyon ayisyen ta fè kwè pou sèlman yè vandredi a yo resanse sou frontyè a anviwon 118 moun pami yo genyen enviwon 5 fi ak ti bebe nan men yo.

Daprè sa kèk nan migran ta fè konnen, imigrasyon domikèn antre pran yo andedan lakay yo, enkasere yo pandan plis pase 3 jou nan prizon san okenn swen. Yo pa bay yo dlo pou yo benyen e lonje yo yon ti moso manje yon sèl fwa pa jou avan yo depòte yo sou frontyè Wanament ak Dajabon nan.

Migran sa yo ki te vrèman endiye mande akonpayman responsab imigrasyon yo nan Wanament yon fason pou yo kapab retounen lakay yo. Nap fè remake, se pa premye fwa Sendomeng ap depòte migran ayisyen nan kondisyon sa yo san okenn respè pou lwa sou imigrasyon. Se depi plis pase yon deseni rapatriman sa yo ap fèt sou tout fòm nan repiblik vwazen an, menm etidyan ayisyen ki gen dokiman nan repiblik dominikèn pafwa pa menm epanye.

Leta ayisyen bò kote pa li pa janm fè anyen pou regilarize sitiyasyon an, kote menm fanm ansent mal Mennen devan pòt mouche panyòl.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.