Me sa ou dwe fè si nen ou ap senyen

0 670

Anpil fwa moun arive ap bay san nan nen, se lè vèso sangen nan nen yo pete oubyen anndan twou nen an twò sèk epi li lakoz manbwann yo ou larim nan nen an sèk; konsa, sa irite nen an, e ou ka menm blese l tou avèk dwat ou lè sa anmede w. Konsa, nen senyen konn nan anpil ka, kanpe pou kò yo, men genyen divès pwekosyon ki kapab fasilite pwosesis gerizon an pi rapid.

  • Rete kalm. Si ou ajite, tansyon ou ka monte e sa kapab pwolonje senyen an. Chita e fè yon ti bese tèt ou an avan yon fason pou pa pèmèt san desann nan gòj ou. (Kadre tèt ou pa ka ede w nan sans sa; li tou senpleman ap fè w bwè san.)
  • Itilize gwo pous ou ak dwat endèks ou yon fason pou peze twou septum nazal la (pati katilaj ki ale jis nan mitan nen an) pou plis pase 15 minit. Respire nan bouch ou pito.
  • Kraze 2 ou 3 ti moso glas nan yon ti sèvyèt e peze l sou nen an.
  • Pa foure napkin nan twou nen ou sou pwetèks pou fè san an pa koule, okontrè, sa ap eksite san an koule plis e li ka menm fè plis dega.
  • Si nen ou kontinye ap senyen pou plis pase 15 minit, wè doktè san pèdi tan.

Apwè nen w pa senyen ankò, me sa w dwe fè

  • Flite yon ti dlo (farinay) nan lè a epi respire l. Sa ape ede manbwann larim ki sèk yo vinn imid sitou lè nen senyen an gen pou wè avèk chalè oubyen lè sèk.
  • Evite tante rale san ki koragile nan nen w. Bay tisu nazal yo kèk èd tan pou yo geri. Konsa tou, evite mouche nen ou.
  • Evite nenpòt ki aktivite ki kapab ogmante batman kè w oubyen fè tansyon ou monte, tankou leve bagay ki lou.
  • E si ou kouche, ajiste yon zorye dèyè tèt ou yon fason pou tèt ou ka parèt pi wo ke kè w, sa ap diminye pwesyon nazal la.

TRiboLAND kwen sante

Leave A Reply