Me ki sa nou konnen de endividi yo arete ak yon pakèt zam nan Èpòt Tousen Louvèti -a

0 480

Madi 12 Novanm 2019

Selon yon sou polisyè:

Li rele Jacques Yves Duroseau, ansyen solda marinn amerikènn.

Dat nesans li se: 19 Me 1986

Nimewo paspò USA li se: 505270169

Li te pasajè yon vòl American Airline ki tap soti Miyami  pou Pòtopwens.

Li te trè awogan abò avyon an e fè moun konnen ke li pwal mete lòd nan dezòd Ayiti.

Li antre nan peyi dayiti avèk divès zam fann fwa ak minisyon ki te nan kès (5 pistolè 9 milimèt ak plizyè fizi daso san konte yo pakèt minisyon)

Yon fwè li kit e vinn chèche-l nan èpòt la jwenn arestasyon li tou.

Ta sanble li te gen papye ki sinye e jwenn pèmisyon bò kote American Airline.

Li toujou anba entèwogatwa DCPJ.

Leave A Reply