Bolivi: Kò polis nasyonal la rejwenn mouvman pwotestasyon popilè kont Evo Morales

0 344

Dimanch 10 Novanm 2019

Lapaz__(TRiboLAND) Plizyè ajan polis ki tap siveye palè pwezidansyèl peyi Bolivi-a abandone pòs yo yè Samdi-a yon fason pou pote kole ak mouvman popilè ki finn arroyo depwi plizyè semènn kont re-eleksyon pike-kole Pwesidan Evo Morales la.

Gwoup militè sa yo kite sou yon do batiman ki loje yon pòs polis tou pwè palè pwezidansyèl la, te kanpe ap balanse dwapo nasyonal peyi Bolivi e pankat nan men yo ki te ekri an gwo lèt: “kò polis la kanpe avèk pèp la.” Konsa, posisyon militè yo nan gwo mouvman pwotestasyon sa yo, se chwazi pa fè konfwontasyon ak manifestan yo kap egzije yon seri revandikasyon ki jis.

Pwezidan Morales ki ta sanble pèdi kontwòl polis nasyonal la pa konnen ki sen pou li rele. Divès enfòmasyon ta fè eta plis pase twa vil nan peyi-a kote ke lapolis retire kò yo nan kazènn e ouvètman antre an rebelyon. Alòske, chèf deta-a pa sispann fè kò polis la sonje ke yo la pou pwezève sekirite Bolivi e obeyi tout lwa peyi-a.

Antouka, pwesyon pa sispann ap pwan pye atravè peyi Bolivi. Nan yon kominike fòs lame a fè soti yè samdi-a ki di: “nou pap jamè al nan konfwontasyon ak yon pèp ke nou genyen obligasyon ak devwa pou garanti yo lapè, tèt ansanm ak devlopman tè natal la.”

Antouka, nan yon kominike li fè sòti jodi Dimanch 10 Novanm lan, gouvènman Evo Morales la oblije bese paviyon e anonse re-leksyon pwezidansyèl apwè ke Òganizasyon Eta Ameriken deklare ke verifikasyon fwod elektoral yo pa posib, men rekòmande yon lòt eleksyon vit e pwese.

Sependan, sèktè opozisyon an afiche yon dezakò sou kandidati Evo Morales nan pwochènn kous pwezidansyèl yo.

Leave A Reply