Nòdwès: Basenble: Selebwasyon fèt “Notre Dame du Perpétuel Secours” nan 3e Seksyon Kominal Wodèmoustik

0 346

NODWES__(TRiboLAND) Selebwasyon Fèt Notre Dame Du Perpétuel Secours, Patwònn Peyi Dayiti, te selebwe nan yon anbyans bouch pa gou, nan 3e Seksyon Kominal Basenble, lokalite Wodèmoustik. 27 Jwen chak ane, se fèt “Notre Dame du Perpétuel Secours” Patwònn Peyi Dayiti ki anmenm tan Patwònn 3èm Seksyon Kominal Basenble, lokalite Wodèmoustik.

Jounen Jedi 27 Jwen 2019 sa-a, pèleren fidèl katotik ki te soti toupatou mete ansanm ak pitit zónn nan kit e fè ledeplasman pou yo te vinn selebwe fèt Sen Patwònn yo kote yon mès tradisyonèl an prezans divès enstans ak pèsonalite: ASEK ak KASEK seksyon an, Depite Sikonskriosyon Basenble-a, Msye Denis Saint-Fort pou nou site sa yo sèlman. Pwèt selebran an Rev. Pè Ader Saindick, Kire pawas Petite-Rivière de L’Artibonite lan ki, nan omeli sikonstans lan, fè konnen se anpil vèrèt kap ravaje tè peyi Desalinn nan; vèrèt sa-a pa lòt bagay, se van divizyon-an kote-l plede anfavè yon tèt ansanm pou rive sove peyi Dayiti kap depafini soupye; kote pitit peyi sa-a pa gen aksè a dlo potab, edikasyon, sante, epi kap viv sou kont Bondye Bon.

Apwè lamès, TRiboLAND te gen chans fè yon ti chita koze ak responsab pawas la, ki se Rev. Pè Evio Phanord kote-l fè yon ti rale sou Notre Dame du Perpétuel Secours sou iregilarite fèt la ane sa-a, sou pawas legliz Wodèmoustik la, difikilte-l rankontre answit ak sipó legliz fas ak kominote Wodèmoustik la. 

Responsab pawas Notre Dame du Perpétuel Secours Wodèmoustik la, Rev. Pè Evio Phanord ki tap dekri Patwònn sa-a ki se Notre Dame du Perpétuel Secours, ki li menm toujou prezan pou sekouri pèp Ayisyen an nan tout kalite danje, fè konnen Notre du Perpétuel Secours, se yon vokab Lavyèj Mari ki se Manman Jezi e Ki pote Non “Notre Dame du Perpétuel Secours”, e se li menm pèp Ayisyen, popilasyon Wodèmoustik la an patikiilye ap venere e selebwe jounen Jedi 27 Jwen 2019 sa-a jan anpil obsèvatè kapab remake. Dapwè Pè Evio, anbyans ak patisipasyon moun yo nan kominote a diminye totalman akoz kriz kap sakaje labil peyi-a e ki ka koz mwens moun pote boure nan fèt la ane sa-a. Pè Evio, menm jan ak lòt Pè parèy li, konstate yon fèb patisipasyon popilasyon an nan fèt la ane saa, plede anfavè yon tèt ansann pou rive rezoud kriz saa ki mete tout pèp Bondye-a ajenou.

 Pè Evio rabat pou di tou, Chapèl Wodèmoustik ki te depann de vil Basenble avèk devlopman legliz la ,vinn tounen  pawas depi nan lane 2015 sou inisyativ Monsenyè Pierre Antoine Paulo e se Rev. Pè Evio Phanord  ki li menm se Kire Fondatè pawas sila-a ki  jounen jodi-a gen anpil Chapèl, nan Seksyon  an  Ki sou  kontwòl  li. 

Selon Kire Fondaté Pawas la, 3e ki Seksyon kominal Basenble, lokalite Wodèmoustik, se yon Seksyon ki te abandone, livre pou kont li e se poutèt sa-a, pawas la konstate, majorite moun nan zònn nan se dlo yap bat pou fè bè. Konsa, li antreprann demach bò kote “KARITAS ak FOOD FOR THE POOR” pou-l sa-a jwenn èd lamanjay pou moun kap viv nan kominote a. Sitou pou sila yo ki nan plis bezwen kèlke swa apatenans relijye yo. 

Legliz la aji tou nan domén edikasyon pou pèmèt jèn yo rete nan kominote a. Kidonk, pawas la gen pwòp lekòl li yon fason pou bay pèp la bonjan edikasyon. Kire a kontinye pou di: li bay sèvis li nan Kolèj ak Lise nan Seksyon an kote lap dispanse Literati ak Filozofi.Tout sa, se pou-n ede zónn nan vanse sou chimen devlopman. Pè Fondatè-a pat mete dlo nan bouch li pou-l di tou: pi gwo difikilte li rankontre nan Seksyon an se avèk frè separe yo. Ki donk, Advantis yo! Konn gen pale anpil ant katolik ak Advantis, men Granmèt la bay kapasite pou-l simonte jan de obstak say o, paske non yo menm endike kisa yo ye, “PWOTESTAN”.

Kire pawas Wodèmoustik la, Rev. Pè Evio Phanord, fini pou l lanse yon apèl bay tout pitit peyi a alawonnbadè nan okazyon fèt Notre Dame du Perpétuel Secours a. Li swete wè ke yo rive mete egoyis akote pandan yap mete tèt ansanm pou-n kapab rive mete peyi Dayiti kanpe sou de pye militè-l.

Wiskis Saint Jean, TRiboLAND

Leave A Reply