Kriz san rete peyi Dayiti yo koz Repiblik Dominikenn pèdi plis pase $37.7 milyon US onivo echanj komèsyàl

167
0
Share:
TRiboLAND

Sen Domeng__(TRiboLAND) Kriz san rete kap bwase bil peyi Dayiti-a, lakoz Repiblik Dominikènn pèdi apepwè $37.7 milyon US onivo echanj komèsyàl ak Ayiti.

Dapwè Comendador (zònn wès) Merchant and Exporters Association, komès nan rejyon sa yo ap pwan sakad seryezman e menm mete pye sou kou sèktè kap pwodwi-a nan Repiblik Dominikenn. “Nou pa ka vann koulya menm pou 2 bilyon peso, e pou nou pa menm di kreye antre avèk komès la menm,” se deklarasyon inyon an ki tap kòmante bay yon jounal dominiken ki rele El Dia.

Dapwè enstans Ladwann yo nan peyi panyòl, echanj komèsyal avèk peyi Dayiti ap pwan sekous depi 2017 pou rive nan mwa Dawou ane sa-a, dapwè estatistik ki pibliye yo. Konsa, nan peryòd sa, ekspòtasyon domestic peyi Dayiti fè yon glisad de $591.12 milyon US jiska $568.3 milyon US.

Nan demonstrasyon nan kòmansman ane sa, Sant Envèsman ak Ekspò Repiblik Dominikenn fè eta de yon deklen nan komès la ki se yon bès $45. 2 milyon apwè yon peryòd anemik nan ekspòtasyon tankou: mayo tout kalite pou ajoute nan bès siman ak anpil lòt pwodwi ke plis pase 281 konpayi ap ekspòte.

Antouka, estatistik sa yo montre aklè kòman Ayiti lage vant li nan men lòt peyi ki pa sispann fè fòtinn sou vilnerabilite li ak mizè-l pandan yap trete kòm yon leta ki pa kanpe sou anyen. Se evidan, avèk konpòtman malfòme ak ensinifyan dirijan Ayiti yo; sepandan, pwovèb la di-w, “Se lè pabon pa la, moun konn valè pabon.”

Share:

Leave a reply