Konpayi Delta deside sispan sèvis li nan mwa Janvye 2020 sou Ayiti

0 368

Mèkredi 6, Novanm 2019

Pòtopwens__(TRiboLAND) Apwè ke American Airlines ak plizyè lòt konpayi avyon te redwi sèvis yo sou Ayiti depi 20 Dawou 2019 la; fwa sa se toupa Delta ki se yon gran Oryan nan endistri transpòtasyon nan lèzè atravè lemonn ki ap kraze yon kite sa nan sèvis lap delivwe depi 10 sou linn Ayiti-a. Konpayi-a pap redwi sèvis li, men pito mete yon pwen final nan vòl transpòtasyon yo.

 Konsa, biwo santral Delta-a ki nan Atltanta, Georgie, anonse sispansyon operasyon vòl sou Ayiti yo pwal efektif nan mwa Janvye 2020 kap vini la.

Desizyon sa vini nan yon moman Ayiti ap plonje nan enstabilite tout kalite; yon sitiyasyon envivab ki anpeche biznis mòde anndan peyi-a. Yon lòt gwo kou pou endistri vwayaj an Ayiti.

Leave A Reply