Apwann ede zanmi-w avèk konesans ou, paske se gras a sajès ki fè ou konnen yo

0 384

Nan yon moman kote ke inite ta dwe fè santi-l plis, malerezman li se yon bagay ki neglije jounen jodi-a. Sa se rezilta anpil movèz konpweansyon sou yon seri diferan filozofi pwimè sou zònn ak moun kap viv nan lòt bò tè-a. Konpetisyon pou akapare tout kalite resous kreye yon gwo separasyon ant diferan ras ak linn sosyal. Anbisyon pou se mwen menm ki pou toujou gen rezon e benefisye sipò lòt moun ekate nou lwen lòt moun ki gen diferan opinion ke nou.

Konsa, obstak enteryè ak opozisyon eksteryè nou kreye, lage nou nan konfli ak limitasyon ki anpeche nou fè yon sèl kòm sitwayen monn lan. E si nou chak ta pwan yon ti tan pou nou ekzamine santiman nou, nou tap arive wè ke yo tout se bon bagay. Lanati, eksperyans ak pèsepsyon yon moun, ede-l mete an evidans tout ideoloji li kwè. E si ou kapab arive sonje e respekte sa tou lakay lòt moun, wap kapab arive evite anpil konfwontasyon initil.

Gen anpil koz ak pwoblèm nan monn sa jounen jodi-a; konsa, gen anpil fason pou abòde yo. Li evidan ke nou tout pap kapab arive dakò sou menm pwen. Inite pa vle di ke tout moun kwè e fè menm bagay. Li vle di pito, ke nou tout mete nou dakò san nou pa batay sou ki fason ak pouki sa nap mete yon bagay sou pye.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply