Kiba ap fè antre pwofesè Chinwa nan peyi-l

217
0
Share:
TRiboLAND

Jedi 7 Novanm 2019

Lahavann__(TRiboLAND) Selon yon rapò Ministè Edikasyon Kiba ayè Madi 5 Novanm 2019 la, otorite yo anonse ke yo pwal fè antre pwofesè Chinwa pou klas nivo segondè nan Kiba yon fason pou ansenye etidyan yo Mandarenn nan kad elaji pwogram echanj edikasyonèl avèk Bejenn.

Peyi Lachenn ak peyi Kiba mete yo dakò ayè Lendi-a lòske yo te deside sinyen yon akò ki pwal fasilite peyi Pati Kominis Chinwa-a ekspedye nan Kiba kontenjan liv, ekipman edikasyonèl, e pwofesè ki ekspè nan langaj Mandarenn nan ki kapab ansenye nan lekòl peyi Kiba yo.

Pwomosyon gwo langaj aziatik sa nan nivo segondè, se youn pami yon pakèt lòt aksyon ki deja pwan nan kad echanj edikasyonèl ant 2 peyi yo, dapwè Ajans Nouvèl Kiba.

Akò sa ki pwal dire plis pase 2 lane li pwal fasilite echanj materyèl akademik ak abilite. Lap genyen egalman plis pase 200 bous minimòm ke Lachenn ap distribye pou etidyan Kiba yo.

Mandarenn se yon langaj chinwa ki pale nan Bejenn e pi pwesizeman nan zònn solèy leve peyi Lachenn. Lachenn rich ak yon katafal langaj ke yo pale, tankou Kantonèz ke yo pale plis nan Hong Kong ak nan zònn solèy kouche peyi Lachenn. Sepandan, yon ti gwoup minoritè etnik chinwa gen kontwòl langaj tankou Uyghur ak Kyrgyz.

Kiba se pa inik peyi ki pwan yon parèy inisyativ stratejik. Anpil peyi nan kontinan afwiken an, tankou Afwik Disid, Uganda, Rwanda ak anpil lòt arive adopte menm echanj edikasyonèl sa ki antre nan kad pwojè enfwastrikti peyi Lachenn nan ki rele Belt and Road Initiative (BRI) kap vale teren atravè monn lan.

Share:

Leave a reply