Opozisyon an nan Nòdwès komemore 100 lane lanmò Charlemagne Péralte

0 418

Jedi 31 Oktòb 2019 la, Opozisyon an nan Nòdwès komemore 100 lane lanmò yon gwo potorik gason, Charlemagne Péralte, yon patriyòt ki te devlope mouvman Kako e kanpe an kwa anfas blan meriken ki te anvayi e okipe peyi Dayiti.

Dat sa tou, ki tonbe bab pou bab ak manifestasyon ensenyan yo melanje ak elèv ki pa sispann mande depa jovenel Moise ke yo estime ki fè pwèv li kòm yon enkonpetan e kòriptè kap antere peyi-a.

Nan kad mobilizasyon anseynan yo, opozisyon an te pwezan tou nan manif la. Konsa, elèv manifestan sa yo ki te an pati konstitye majorite pwotestasyon an, te mache lage tout lekòl nan vil Pòdepè. Pami yo, yon lekòl ki pote non ‘SUNLIGT” ki se yon Lekòl Ameriken pat epanye.

Napoleon Trompe, Pòtpawòl Opozisyon Nòdwès la

Youn nan Pòtpawòl Opozisyon Nòdwès la, Apoléon Trompé ki tap eksplike kiyès Charlemagne Péralte te ye, mande pou pèp la kontinye mobilize paske sitiyasyon pèp sa-a ap viv la vrèman imilyan.

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply