Seyans miz an akizasyon: enbesilite ak igyonrans

0 389

Nan moman seyans miz an akizasyon prezidan repiblik la “Jovenel Moise” nan chanm bas la, ou tande tout kalte bagay, soti nan fransè mawon pase pran nèg kap fè awogans di yo konnen sila yo kap pran mosyon ak emosyon tout se yon maskarad pou bare zye le pèp ki pral toujou al pran bouskilad pou fè kat elektoral epi prepare pou al vote enbesil ki ti fwè vwayou nan palman an.

Gen bagay ki moutre aklè ke nèg sila yo pap regle anyen ki serye vre! Bon, ann fè yon ti konte ak dwèt nou pou nou ta wè konbyen nèg ou taka di ki serye anba nan palman an. Ah! Nan sans sa-a fok yon nèg ta odasye anpil poul ta voye premye kout wòch la.

Si nap gade nivo konesans nan nèg sa yo ki voute do yo chita nan chanm debite-a mpa kwè nap rive sou yon bon 10 grenn sa vle di pèp la telman pa konprann li vote ak emosyon se sak fè tout kalte deriv sila yo nan la chanm.
Honorable deputé de la circonstruction de Milot, s’il vous plaire, vous etiez a qu’elle ecole ? Être vous profeser ou directer? Ta sanble ou pat lekòl menm kote ak msye sa yo ?
Ou gen rezon depite yo pat etidye Socrate nan literati fransèz men depoude eske ou pat etudye frederic Marcelin nan filozofi tou?

Nan sans sa a nou di nèg yo: refè la klas! Nivo konesans sa yo moutre tèt koupe ak raketè ki non sèlman te anba ban men tou ki pat enterese vreman nan bagay lekòl. Yo rele sa “elèv Fantoòm! Ou pral rapid bay sendika profesè yo rezon paske nèg sa yo pap janm panse sou salè profesè. Yo pap janm mande pou konstwi lekòl, yo prefere bati otèl ak disko pou jèn fanm ak jèn gason lage nan drivayèz, venn fè nay nan program bòdègèt, atèplat ousinon ale nan ka wach.

Mezanmi nou pa bezwen mete gwo linèt ki gen gwo non pou wè ak 2 zye nou, ke bagay sila yo pap regle anyen pou pèp vre, paske lespri yo kwense. Li rete ak pèp la pou bay voryen dwat long sa yo mounen pyès yo nan eleksyon yon fason pou valpa sila yo pa al reprezante nou ankò nan Pòtopwens, men fòk konstitisyon an yo di ki se manman lwa peyi a repanse tout bagay tou.


Ferdieu Claude, Av./Jounalis

Leave A Reply