Jounal “Le Nouvelliste” viktim anba ensekirite a : Fritz Pinvin blese anba bal bandi

527

06/26/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ensekirite a ap vale teren patikilyèman nan kapital la. Fwa sa, se kou pa journal “Le Nouvelliste” ki viktim apwè ke nèg ame te ouvwi kout zàm sou jounalis Fritz Pinvin nan moman li tap antre lakay li yèswa vandredi 25 jwen 2021 an, nan ri Kapwà, nan Pòtopwens.

Selon “Le Nouvelliste”, jounalis la resevwa plizyè bal e te transpòte bwit sou kou nan yon sant medikal, kote ke kondisyon li te nesesite yon entèvansyon ijans.

Comments are closed.