Gouvènman militè peyi Nijè a, mande pou Lakwà Wouj Entènasyonal kite peyi a san delè

02 – 07 – 2025
Niyame, Nijè Gouvènman militè peyi Nijè a mande Komite entènasyonal Lakwà Wouj pou kite peyi a san delè, daprè sa ke yon sous otorize rapòte TRiboLAND.com.
Selon sous otorize sila, peyi Nijè te deja revoke yon latriye akò ki te deja ap egzekite avèk Komite a e plizyè ekspatriye te kòmanse ap evakye. Nouvèl yo rapòte ke biwo delegasyon Komite Lakwà Wouj la te deja fèmen pòt li nan Niyame yè madi a.
Si nou ta vle kwè medya lokal yo, plizyè òganizasyon imanitè ta sanble aba pwojektè rejim militè a ki plase prezèvasyon souverènte peyi Nijè avan tout bagay depi jiyè 2023. Nan mwa janvye pase, minis ki regle kesyon siveyans enteryè peyi Nijè, jeneral Mohamed Toumba, manm kle jent lan, te deja remete an kesyon yon seri mezi ki enpòtan ki ta dwe mete anplas pou ranfòse kontwòl ONG ak òganizasyon devlopman yo.
Plizyè ankèt revel eke genyen yon seri ONG kap kolabore avèk yon seri patnè kap mennen yon gè kont peyi a atravè yon seri misyon sibvèsif ak soutyen teworis, daprè minis Toumba ki tap depoze.






