Elèv lekòl piblik yo nan vil Jeremi, mache lage byen bonè maten an tout lekòl pwive yo.

1,041

04-19-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Absans pwofesè lekòl piblik yo nan Jeremi, nan kad aplikasyon mouvman grèv sou teritwa repiblik lan, mache lage plizyè lekòl prive jodi mèkredi 19 avril 2023 a.

Leve kanpe elèv yo nan diferan depatman atravè peyi a, enskri nan kad mouvman grèv yon ansanm sendika anseyan tankou (UNOH, CNEH, ak FAEGA), dapwè elèv lekòl piblik yo ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND. Pou etidyan yo, li pa nòmal pou ke pwofesè lekòl leta yo al fè kou nan lekòl pwive yo, vwala ke lise yo ak lòt lekòl leta pa genyen pwofesè ki mete pye anndan klas yo.

Fòk nou fè remake, se ak anpil kout wòch, kraze baryè ak pakouri divès ri nan vil Jeremi ke elèv yo tef è santi fwoustrasyon yo; yo tap solisite pwezans pwofesè nan klas yo. Si non, elèv yo rabat pou yo di: “mobilizasyon manch long”, pou fose gouvènman ak tout ministè a reponn revandikasyon yo.

Comments are closed.