Yon lòt mega manif avèk atis ayisyen yo nan kàd mobilizasyon pou demisyon Jovenel Moise

0 391

Pòtopwens__(TRiboLAND) Pèp ayisyen an refè yon lòt mega manif; se yon veritab oseyan fwoumi jodi 13 Oktòb 2019 la nan Pòtopwens.

Jan sa te pwevwa avèk atis tout kalite nan sosyete aysyènn nan, sou kòdinasyon atis Izolan, King Kino, Tidjo Zenny, Tonton Bicha ak yon latriye lòt atis nasyonal ke nou pap ka finn site, mega manif lan se yon bagay moun pa janm wè. Yon manif ki te jwenn sipò masiv popilasyon an, militant politik, ak anpil lòt sèktè ki te yon fwa ankò pote boure nan yon fwon komen pou afiche yon lòt fwa ankò detèminasyon yo nan dezapouvwe pwezidan Jovenel Moise kòm yon dekriye e yon imoral ki echwe kòm lidè.

Plizyè tèt manifesatan ke moun pa ka arive konte te okipe tout Delma 2, 60, 64, 75, ak 95 pou rive kandale moute nan Petyonvil. Se yon veritab rad mare ki tap manifeste pèzibleman an pwezans Lapolis ki te afiche yon konpòtman desan.

Mega manif atis ayisyen yo kont pwezidan Jovenel Moise, 13 Oktob 2019

Pèp souvwen te abiye tout an blan, anbyans mizikal konbine ak vaksenn rara ap delivwe yon sanba kreyòl ki pwouve atravè yon seri refwen relijyez makònen ak yon beat tanbou kata, fè kwè pèp sa sonje non sèlman pase istorik li men tou li genyen kle rezilyans ou rezistans ak detèminasyon nan DNA kiltirèl li.

Lidè nan opozisyon an tankou Senatè Don Kato, Youri Latortue, Assad Volcy, Rony Timothé ak anpil lòt potorik te akonpanye manifestasyon atis yo ki se yon gwo rekò istorik. Yon lòt fwa ankò, Pèp Ayisyen an detèmine devan fas lemonn ke yo vle ale jisko bou nan reyitere volonte yo pou voye tout bon Jovenel moise ale non sèlman kòm yon senbòl de wont, men tou fè li klè pou tout moun ke yo vle pwan desten peyi an men pandan yo pwèt pou sakrifye yo pou eradike sistèm newokolonyalis pouri sa kap detwi yo kòm pèp.

Antouka, randevou kase pou plis mobilizasyon nan kad peyi lock la, dapwè plizyè reponsab politik yo ki deklare ke yo pap bese paviyon devan yon sèl moun kap trènnen Ayiti nan fatra chak jou Bondyé mete.

Leave A Reply