Bahamas depòte plis pase yon santènn Ayisyen

Naso__(TRiboLAND) Bahamas voye tounen an Ayiti plis pase yon santènn ayisyen jounen Vandredi 11 Oktòb 2019 la.
Dapwè Sèvis Imigrasyon nan peyi Bahamas, yon vòl Bahamasair ki te genyen 112 sitwayen ayisyen, te kite èpòt entènasyonal Lynden Pindling vè 8:07 nan maten ki te 11 oktòb la, e li te pwan direksyon èpòt Toussaint Louverture, Pòtopwens. Depòte sa yo ki te eskòte avèk yon gwoup otorite imigrasyon nan Bahamas te genyen apepwè 91 gason ak 21 fanm.
Nap sinyale, gwoup otorite sa yo ki te genyen nan tèt yo Denaj Wilchcombe te jwenn backup plizyè ofisye nan Fòs Defans Wayàl Bahamas la.






