Etazini: Yon machin antre sou yon parad masisi, yon moun mouri e yon lòt blese

558

06/20/2021

Wilton Manors, Florid_____(TRiboLAND) Yon chofè kamyonèt antre sou yon gwoup moun ki te rasanble pou yon mach fyète, samdi 19 jwen an nan Eta Florid, touye yon mesye e blese yon lòt, dapwè otorite lokal yo nan Fort Lauderdale; se pandan ke defile LGBT+ yo nan vil Wilton Manors tap derape aksidan an arive pwodwi.

Chofè kamyonèt la te jwen arestasyon li alòske lapolis ap miltipliye envèstigasyon paske veyikil la te fè pati mach masisi yo tou; konsa li pa klè si se yon zak delibere oubyen yon aksidan. Machin nan te alinye pami cha ki tap patisipe nan parad la, bwiskman akselere e antre sou plizyè pyeton, dapwè “10 News”, yon televizyon lokal.

2 moun te transpòte lopital kote ke youn nan yo arive trepase, dapwè sa yon detektif ki pote non, Ali Adamson deklare lapwès.

Viktim yo ak tout chofè a fè pati menm gwoup koral, Fort Lauderdale Gay Men’s Chorus, dapwè yon kominike ki soti bò kote pwezidan gwoup la, Justin Knight.  “Nou voye panse nou ak pwiyè nou bay tout viktim aksidan malere sa alòske Parad Stonewall Pride la ta pwàl kòmanse”, se deklarasyon Knight atravè yon kominike.

Justin Knight rabat pou li pwesize, “Selon sa mwen konnen, mwen pa kwè se yon atak kont kominote LGBT +. Nap genyen pou bay plis detay e mande lanmou ak soutyen kominote a nan yon parèy moman si tris”.

Comments are closed.