Bahamas: Anbasad Etazini poze pwemye pyè pou konstwisyon yon nouvo batiman ki pwal koute $318 milyon dola

Naso__(TRiboLAND) Anbasadè Etazini an nan Naso poze pwemye pyè konstwisyon yon nouvo bildenn ki pwal koute $318 milyon dola e ki konte acheve nan kòmansman ane 2023.
Bildenn sa ki pwal bati ant East Street ak Shirley Street ap gen pou layite sou plis pase 5 ekta tè. Pwemye Minis Dr. Hubert Minnis deklare ke “se yon opòtinite ki pwal pèmèt 160 bahameyen jwenn djob nan santye sa; e li ajoute pwojè nouvo anbasad ameriken an antre nan kàd gwo travay rekonstwiksyon ki gen pou fèt nan kàd redevlope ba lavil Naso. Tout sa tou montre ke Etazini vle jwe yon wòl aktif nan rekonstwi nouvo vil istorik sa.”
Bò kote pa li, chaje dafè Etazini an, Stephanie Bowers di ke okazyon sa pwezante yon envèsman pou demen nan relasyon de peyi yo. E li kontinye, “sa plis ke yon pwemye pyè! Se yon envèsman nan konstwisyon nouvo ba lavil Naso a ki se yon patenarya bilateral.”






