Lachenn konte montre yon asnal zam nan okazyon 70èm anivèsè Pati Kominis la

0 439

Pekin___(TRiboLAND) Lachenn ap pwepare pou demontre yon parad militè an gran panpan. Konsa, otorite yo gen pou fè kado plis pase 620,00 aparèy televizion.

Antouka, Pati kominis Chinwa-a pwàl selebwe 70èm anivèsè li premye Oktòb kap vini la; konsa, nan okazyon an, se pa de gwo zam ke otorite Lachenn yo gen pou ekspoze e pase an revi pwisans militè peyi azyatik la. Nan parad sa, moun atravè le monn pwàl gen chans pou yo wè sou television yon veritab asnal zam ki pi avanse nan monn nan. Zam tankou: tout kalite misil, dwonn, ak lòt zam modènn.

Otorite lachinwa yo ki kanpe sou yon bit pwopagann pwisans militè, ta renmen wè ke ekzibisyon sa pa pase inapèsi. Se konsa, yo reyèlman sansibilize pèp chinwa-a pou gwo evenman sa; yo vle sètèn ke fanmy chinwa ki pi pòv la gen aksè a yon aparèy televizyon nan okazyon 70èm anivèsè Pati Kominis Chinwa-a.

Leave A Reply