Plizyè sytwayen nan vil Anzdeno deside repare komisarya ki te ensandye aprè dràm 12 me 2025 lan

368
0
Share:
TRiboLAND

Anzdeno, Ayiti______(TRiboLAND) Twà jou aprè ensidan regretab ki te koute lavi 2 jènn gason ak yon blese pa bal, san konte ensandi komisarya komin Anzdèno a ak plizyè machinn lapolis; divès manm nan popilasyon an pwan inityativ pou repare komisarya endomaje a, e pèmèt polisye yo rekondwi nan pòs yo pou garanti lòd ak trankilite piblik.

Nap raple 2 jèn gason ki te mouri yo, lajistis ak lapolis toujou poko fè limyè sou ensidan an ki te anrejistre pèt an vi imèn ak materyèl nan jounen lendi 12 me 2025 la. Konsa, òganizasyon dwà moun yo pa sispann mande lapolis ak lajistis ekplikasyon.

Share:

Leave a reply