Yon pwofesè lekòl pwal pase 35 lane nan pwizon akoz li tap vann elèv dwòg

0 374

CLEWISTON, Florida Maria Otilia Rivera se non yon pwofesè 37 lane ki pwal pase 35 lane dèyè bawo apwè ke yon tribinal nan Florid jwenn manmzèl koupab nan vann 2 etidyan dwòg nan lekòl kote li tap ansenye.

Biwo Envestigasyon Depatman Sheriff nan kontre Hendry ki tap rapouswiv avèk envestigasyon yo depi lane 2017, rive nan bout li kote ke yon jwenn Rivera te vann 2 ti fiyèt dwòg ki aje 12 e 14 lane. Envestigatè yo revele ke pwofesè-a soti deyò lekòl la ak ti fi yo ki pat janm itilize dwòg deja e li montre yo kòman pou yo pwepare e pwan sibstans yo. Youn nan repòt yo tou fè eta de lajan Rivera te pwan nan men youn nan ti fi yo e li te pwomèt yo ke lap fè yo jwenn dwòg la nan demen.

Rivera ki, pou moman sa poko antre nan pwizon, men kase randevou ak leta pou al pwan santans li 16 Oktòb kap vini la, kote li pwal pase 35 lane dèyè bawo.

Leave A Reply