Gine Ekwatoryàl deklare repwezantan OMS la kòm persona non grata

320

Malabo___(TRiboLAND) Otorite gine-ekwatoryàl yo mande Repwezantan OMS nan Gine Ekwatoryàl kite peyi a. A koz, Dr. Triphonie Nkurunziza akize dèske lap falsifye done kowonaviris yo lòske li deside fè yo moute balkon.

Konsa, “Ministè Afè Lòt Bò Dlo ak Kowoperasyon Gine Ekwatoryàl gen obligasyon pou mande biwo rejyonal OMS pou Afwik la mete fen nan fonksyon Dr. Triphonie Nkurunziza e kontwole depa li nan Malabo”.

Si nou ta vle kwè yon responsab biwo Nasyon Tèt Kole yo nan Malabo, “gouvènman mande ke li ale fè wout li, konsa nou resevwa yon pwosè-vèbal kote ke li gen akizasyon pandye sou tèt li dèske lap fè mètdam ak done kovid-19 yo”.

Konsa, Pwemye minis Pascual Obama Asué vle klè sous a, yon fason pou evite dout ak òganizasyon ONU yo. “Nou pa gen pwoblèm avèk OMS, nou gen pwoblèm avèk repwezantan OMS nan Malabo”, dapwè PM nan.

Selon chif ofisyèl yo, peyi Gine Ekwatoryàl genyen 1,306 ka enfekte e 12 mò.

Comments are closed.