Pòdpè: Shervens Joseph, Jounalis Kiltirèl Nòdwès la antere apwè midi-a

0 543

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Se apwè midi 22 Septanm 2019 la, Jounalist kiltirèl  Shervens Joseph ale nan dènye demè li.

Se pwèske tout kouch nan site Kapwa Lamò-a ki te mobilize pou kondwi e di adye a Joseph, yon jènn gason selon anpil moun ki kite yo twò bonè. Antouka, malgre tan mare, Legliz Advantis Betèl 2, nan Pòtpè te chaje ra gagann. Seremoni se nè ken orevwa-a te pwezide avèk patisipasyon Ambert Cenatus e Eltine Lucsène ki pat manke bay respè a yon jènn tankou Joseph ki te avan tou yon sèvitè BonDye, yon ekzanp ki trè rechèche.

Gwoup tout kalite, tankou Lapwès, Legliz ak Lakilti pou nou site say o sèlman te mobilize pou bay yon dènye omaj ak yon jènn entèlèktyèl ki te fè pati “le grenier du savoir” nan depatman Nòdwès la.

Elas! Nan moman sa, konvwa deja nan wout pou Lasalenn, nan Parc de la Paix ki nan Pòdpè kote ke kadav Joseph pwal repose an pè ajamè! Ke nanm li repose an pè pandan nap swete fanmiy, zanmi, gwoup tout kalite ki afekte yo kouraj!

Leave A Reply