Sena: Pwezidan gran Kò-a, Carl Murat Cantave kase randevou ak PM nome Fritz W. Michel demen Lendi pou deklarasyon ak ratifikasyon politik jeneral li

329
0
Share:

 PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Carl Murat Cantave, pwezidan gran kò-a detèmine yon lòt fwa ankò pou konvoke Pwemye Minis nome-a Fritz William Michel ki te deja jwenn radtifikasyon chanm depite nan yon kontèks kòripsyon kòb ak kabwit.

Nan yon twit li fè sòti, li anonse jodi Dimanch 22 Septanm 2019 la ke seyans yo ki te avòte 11 Septanm pase-a kote ke yon gwoup militan an konplisite ak Senatè ki pa danse kole ak ratifikasyon Fritz William Michel ke yo repwoje pou divès malvèsasyon ak kòripsyon. Antouka, wè pa wè chèf alatèt Gran Kò kase randevou ak pwemye minis nome-a pou demen Lendi 23 Septanm lan pou pwosede ak deklarasyon e ratifikasyon politik jeneral Mesye Michel.

Konsa, anpil moun pa bay jwèt desen anime sa yo twòp enpòtans sitou lè ou gade nan ki volim lanmè kòripsyon egzekitif la ak lejislatif la ap naje. Pou yo, plis Sena ou mwens Sena, sa pa itil peyi anyen sinon ke efondre nasyon an plis tojou. Gen lòt moun ki finalman pa espere lòt bagay sinon ke yon dram maskarad Chal Oska ki pwal anbarase Ayiti pi plis toujou devan rès monn lan. Yo estime, se manèv enkonpetan ak kòriptè rasi ki refize konpwann ke bèf la aptrepase e manmèl la pa gen ankò yon konn gout lèt ki rete. Yo ajoute, pwemye minis ki pwòp pa arive delivre pou peyi ale wè pou youn ki deja fè anpil dega nan bwat leta yo nan domènn finans.

Antouka, Mesye Cantave ki gen yon fyèv mache pwese, bay garanti ke lap pwan desten pwezidan li ak kouraj kèlke swa sak ki ta sòti nan seyans demen Lendi-a. Sepandan, li antisipe yon seri mezi tankou se inikman jounalis kap genyen yon kat akreditasyon kap kapab gen aksè pou antre nan sal seyans lan.

Share:

Leave a reply