Yon polisye palmantè asasine anba bal nan Tabarre

0 411

Pòtopwens_(TRiboLAND) Yon ajan 3 ki soti anndan vant Direksyon Polis Palmantè-a ki rele Orel Adrien, jwenn lanmò li ayè Vandredi-a toupwè espas ki loje brigad BLTS la nan Tabarre.

Antouka, yon lòt polisye ajoute nan lis polisye ki pa sispann tonbe anba bal malfwa kriminèl anndan peyi a; yon tèritwa ki pap gouvène. Konsa, fwa sa se tou pa fanmiy Orel Adrien ki gen lakwa ki antre devan pòt lakay li san zatann. Enfòmasyon ki soti nan Direksyon Polis Nasyonal la, fè eta de yon gwoup nèg ame ki ouvwi zam sou polisye Orel, alòske li te sou yon motosiklèt pandan li ta pwal antre lakay li.

Polisye Orel Adrien tap travay nan Palè Lejislatif; li jwen lanmò li 20 Septanm 2019, yon jou nwa ki mete ankò dlo nan je fanmiy PNH la. Ke nanm Orel repoze nan lapè!

Leave A Reply