Fritznie Joseph (Je vivrai ou Femme à la guitare): Yon nich talan, yon jènn lidè emèje, yon sous enspirasyon divinn

0 492
Fritznie L. Joseph

Depi map mache mwen poko janm jwenn moun ki reyisi nan fè jalouzi; e gen moun ki menm ale pi lwen nan kite jalouzi fè yo fè kòlè ak kout san e menm arive ekstèmine vi lòt moun menm pou chofe dife. Trè souvan, yon konpòtman parèy fè ke moun nan tou senpleman afiche yon seri konplèks negatif oubyen pejoratif ki gen pou wè avèk oto-dezapwesyasyon. Manifeste jalouzi anvè yon moun pou nenpòt ki bagay, se deja montre otomatikman genyen yon bagay ke ou pa genyen lakay ou, men ou pa ta renmen lòt moun genyen-l. Pwovèb la di ou: moun pa vle wè moun menm pou chofe dife. Jalouzi ka ankouraje yon moun kraze plat atè tout abilite li ak poyansyèl yon lòt genyen. Li ka fè anpil dega tou, lè ou pwesipite jije, ak fòse moun fè sa ou ta vle moun fè ou devni. Konsa se yon atitid diktatè ki pwal pi devan kreye rezistans e konfli. Li evidan, egzèse yon pouvwa ki gen tandans pou elimine tout dwa ak lib abit lakay moun, se ouvwi yon panye ki chaje ak gèp panyòl.

Nou fè tout vire sa yo se pou nou kapab entwodwi youn nan moun kap fè pale de li anpil ki rele, Sr. Fritznie L. Joseph ke anpil anpil moun konnen sou “Je Vivrai” oubyen “Femme à la guitare”. Wi genyen anpil lòt sedonim yo te kapab ajoute lè wap konsidere tout yon seri de lòt potansyalite jènn sa genyen.

Fritznie L. Joseph fèt sou tè Desalinn nan, 10 Avwil 1994 nan Pòtopwens. Li se avan dènye pitit de yon fanmiy 7 ti moun ki gen yon edikasyon kretyènn ki baze sou fondasyon Advantis 7èm Jou. Manman li te yon Direktris lekòl e yon moun ki te toujou vle mache sou lòd Bondye nan tout sa lap antrepwann. Tandiske, papa-l te yon antrepwenè byen konni nan Bon Repos. Paske Fritznie te trè jènn, li te toujou jwi yon seri pwivilèj sou lòt ti moun yo ki te an majorite gason. Konsa, yo te tolere-l anpil. Chak bagay lòt timoun yo ap aprann li te toujou vle aprann li tou e menm eseye arive fè-l pi byen. Se konsa, pi devan ou pwal vinn jwenn yon Fritznie ki jwe foutbòl, ak baskètbòl.

Atravè laj anfantiyaj li, Fritznie te toujou renmen chante e pèfòme san ezite devan asanble konkregasyonèl san timidite. Avèk yon ti kò fizik ki ta sanble ak yon poupe adorab, tout moun te toujou renmen wè-l. Li te toujou gen anpil zèl pou patisipe menm jan ak manman-l nan travay Bondye. Renmen chante san rete, louwe avèk vigè, evanjelize e menm antousyas pou aprann pwèske tout sa ki sou wout li, te toujou yon bagay ekstrèmeman natirèl lakay jènn sèvant-la. Konsa, ti plant sa ki pat sispann renmen BonDye pwal pi devan devlope yon seri talan ki fè de li menm yon sous enspirasyon pou yon pakèt kretyen nan yon legliz nan Latan, Bon Repos nan Pòtopwens. Fritznie te renmen pote kiryozite nan tout sa ki te nan anvironman li. En jeneral, renmen envèstige tout sa ki nan antouraj ou, se youn nan karakteristik ki trè repite lakay ti moun ki ekstrèmeman entelijan.

Lè li te gen 15 lane, Fritznie te deja responsab plizyè gwoup nan asanble ki li tap sèvi Bondye. Gwoup tankou Kè Emanyèl ak Kè Amoni te anba dirèsyon jènn atis-la ki te youn nan pi gwo jènn konpozitè ke legliz-la pat janm genyen. Fritznie anpil fwa jwenn enspirasyon chante-l yo nan tout sa ke li obsève nan anvironman-l. Konsa, avèk sa li arive ekri e konpoze chante ki pèmèt lòt moun jwenn enspirasyon tou nan li menm. Gras a yon tonton-li ki se Doktè Rigaud Joseph, Fritznie devni yon guitaris remakab. Konsa, pwatik ak lòt fòmasyon muzikal li jwenn bò kote Dr. Joseph pwal pèmèt li devlope yon anbisyon positive pou apwann lòt enstwiman tankou: batri, piano ak tanbou.

Nan ane 2012, sou estate “etidyan entènasyonal” Fritzner antre e vinn etidye nan peyi Etazini. Egzijans lekòl  yo te anpil men, atis-la pat jamè mete nan kwen talan li ak detèminasyon li pou satisfè moun ki renmen Bondye. Se pa yon wout kite fasil. Se sou wout sa li pwal konnen ki sa ki reyèlman genyen nan levanjil. Moun ba li tout kalite non, a koz aparans maskilen li ke li eritye nan entèaksyon ak aktivite espòtif ant papa li e frè li. Nan mitan tout flèch ak kout baton jouman sa yo; Fritznie te gentan fwanch yo gwo etap nan pasaj li nan peyi ki pa pou li-a. Entelijan ke-l ye! Li deja dekwoche yon asosyet degree nan Chimi, yon matyè ki mande anpil sèvo. Nan moman sa, atis-la ki konnen pouki sa li deyò deja ap travay sou yon bachelò nan youn nan mèyè inivèsite nan Florid-la, FIU. Sepandan, avèk tout eksperyans sa yo nan chimi, li toujou kreye tan pou desann Ayiti nan lide pou dispanse kou chimi pou yon pakèt elèv filo nan Kolèj Yolaine D. Joseph – Shekina, yon etablisman eskolè ki rele manman-l chèmèt chèmètrès. Me kalite yon jènn, ki rete kwè ke peyi-l ak kominote pa-l pap kapab vanse si li pa retounen bay e mete men nan pat-la!

Fritznie ap ansenye chimi nan lekòl manman-l ki rele Collège yolaine D. Joseph

Pandan lap viv e ale lekòl nan peyi Etazini-a, Fritznie pa janm neglije dekonekte ak odyans ke li pote sou kè-li chak lanwit chak lajounen. Dapwè atis-la, odyans lan te kreyte nan yon konteks de mepwi ak rejeksyon. “Nan mwa Desanm 2012 mwen te reyèlman twonpe-m de yon seri medya nan kominote-a ki pa vrèman kontwibwe nan mete sou pye yon fenèt opòtunite pou jènn yo. “Oh! Se te desepsyon total kapital! Yo te vire-m tankou toupi e ban mwen tout kalite rezon pou te menm pase arive difuze youn nan konpozisyon mwen te ekri”.

Se konsa, apwè yon pakèt wont ak imilyasyon, nan menm mwa Desanm nan Bonbye ki vivan anlè-a pouse-l ouvwi yon kont facebook nan batay, paske anglè nèg pat ko pwan chè dapwè atis la. Alò, odyans sa se li kit e la pou mwen, li te kwè nan mwen nan yon moman kote ke yo te rejte-m; li te ansanm avè-m ni nan bon tan ak move tan. “Louwe avèk li pou bay Bondye glwa, se yon anbyans ki toujou san fen”. Anplis, rele, sekwe tout kòm, pyafe, jwe mizik, ekri, konpoze ak chante se tout yon kantite strateji ki pou ede yo jwenn rekonfò ak enspirasyon. “Je vivrai” se youn pami yon pakèt lòt konpozisyon ki kontwibwe nan elaji sèk renome atis-la. Li ekri nan yon konteks de detèminasyon malgre sa moun tap di pouk raze-l plat atè; men lap viv kanmèm. Konpozisyon tankou “Loue sois-tu Seigneur”, “18 Mai” e “Lajan Petwo Karibe-a” se tou yon nich konpozisyon ki deja dinamize repètwa “Femme à la guitar”, se yon non ke yo dote atis-la lòske yon animate nan yon pwogram ki tap Onore Fanm, te bliye vrè non atis-la; epwi finalman li rele-l “Femme à la guitar”, paske atis-la te tout genyen guitar-l nan men-l. Ki donk, depi lè sa non an rete.

Nan laj ke Fritznie te antre nan kilti amerikènn nan se te yon moman ki te fòse li chèche yon idantite pandan ke li tap eseye entegre-l. Yon bagay konsa toujou rive tout adolesan. Li tout afè nòmal pou yon moun tankou li define li tèt kòm yon endividi ki kanpe pou yon bagay. Nan kontèks sa li debouche sou pèsonaj ki rele “Je vivrai” oubyen “Femme à la guitar” ki vinn yon idantite ki pwòp a karyè atistik li. Gen anpil jènn ki fè anpil echèk lè yon nan etap oto-idantite sa; yo konn pa fwa arive ale imite lòt moun ki lage yo nan roulo. Nan ka “Je vivrai”, se reyèlman yon chwa entelijan pou yon jènn ki se rezilta yon fanmiy kretyen otantik ki valorize edikasyon kòm inik sous devlopman. Yon pèsonaj tankou “Je vivrai”, deja fè anpil pou ti laj li genyen an. Posti ak aktivite relijyez e kominotè lap antrepwann se tout yon karikati de yon lidè emèje ki vize lwen! Atis la gen tèt li sou zepòl li e konnen byen ki kote li vle rive. Moun ki te pwefere wè-l fini nan lari-a nan tout vye bagay, pap sis! Oubyen sa yo ki jalou pou odyans kap jere-l byen, fèk kòmanse fè kòlè. Fritznie genyen 2 pwojè kap boujonnen: yon videyo klip “Je vivrai” kap deyo avan lontan; yon Albòm Evanjelik dènye kri ki nan faz final li.

Anpil nan frè ak sè ayisyen nou yo viktim de tout kalite jijman ki fèt sou yon pakèt faktè negative, san sans e repinyan. Gen jijman ki pozitif ke negative; li ede zòt fè pwogrè san li pa entansyonèlman anlve dwa zòt. Sa plis ede-w regrese e detwi tout angouman ak pouvwa de kreyasyon e pwodiksyon. Gen jijman ki fèt sou rad moun mete; sou fason ke moun panse; sa moun pi renmen; jan moun mache ak pale; jan moun fè manje; jan moun louwe Bondye; ki kote moun dwe ale oubyen pa ale; ak yon pakèt lòt ki, toujou fèt nan lide pou opwese, diskrimine  oubyen devalorize yon lòt. Se yon mond ki reyèlman malad! Tout moun nan mond sa, toujou ap chèche yon lòt pou yo domine e kontwole! Konsa, yo fèl avèk jijman, opinion e pwan pòz ke yo pa konnen se pouvwa otoritè ke yo vle egzèse sou dwa lòt moun. Pafwa yo menm fè li nan non relijyon!

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply