Ekspè metewolojis yo ap swiv de pwè plizyè sistèm alòske tanpèt twopikal Humberto ap pwan souf bò zile Gran Abako, nan Bahamas

0 429

FLORID__(TRiboLAND) Tanpèt twopikal Humberto ki pwan nesans ayè vandredi swa ap fè jimnastik pou-l transfòme tèt li la kòm yon siklònn nan jou kap vini yo; konsa, selon anketè metewolojik yo, li pa repwezante yon menas pou zònn kotyè Ès la, men lap pwan jarèt depwi Bahamas.

Malgre fe youn nan menas yo ta desann, Sant Nasyonal pou Siklònn ap bay Humberto kontwòl sou plizyè kout tèt sanzatann ki kapab dejenere e bay kè sere.

Humberto ap bougonnen a 30 kilomèt ès-nòdès zile Gran Abako, ki pa lontan sot devaste anba yon siklònn gran manjè ki rele Dorian. Humberto se yon ti tanpèt twopikal dèyè manman kap degaje yon maximum boulenn van ki a 40 km/h. Malgre ke li kapab anpeche efò kap fèt nan nòdwès Bahamas pou bay viktim Dorian yo jarèt, men wonf van ak lapli ki mache ak Humberto pa osi vyolanyon ke Dorian ki te yon kraze bwize.

Selon ekspè move tan yo, vag ak flè kouran Humberto ap degaje sou Florid ak nan zònn kotyè Sidès la pa gen ase fòs pou li ta pwodwi enpak siklonik sou moso tè Etazini-an. Vandredi swa, Florid te anba siveyans pou tanpèt twopikal ki tou swit apwè te antre nan nòmalite li. Sepandan, otorite yo antisipe ke si Humberto kontinye ap pwan pwa,  li kapab devni yon ouwagan vè zònn Lendi yo konsa.

Leave A Reply