Plizyè santèn deplase, anpil rezidans detwi pandan yon gwo dife ap ravaje yon forè Zile Grèk

894

 08/08/2021

Atèn______(TRiboLAND) Plizyè santèn ponpye peyi La Grès ap batay san zespwà jodi dimanch 8 wout 2021 an pou arive pran kontwòl yon dife sovaj sou zile Evia ki deja demantibile yon bon valè pye bwà sapen nan forè a, detwi yon pakèt kay e fòse touris ak rezidan lokal yo chape poul yo.

Dife a layite kò l egalman nan rejyon Peloponnese ki nan zòn sidwès peyi a, sepandan sa ki nan rejyon nò yo diminye.

Peyi La Grès ak Tiki ap pran lanm anba flanm dife depi 2 semèn konsekitiv pandan ke rejyon an ap fè fas ak yon serès san pwesedan depi plizyè deseni. Jouska pwezan genyen 2 moun ki mouri nan La Grès akoz dife a ki gaye nan plis pase 8 zòn avwazinant peyi Tiki kote ke plizyè douzèn moun ospitalize.

See the source image

Antretan, lapli pote yon ti soulajman nan sitiyasyon yon parèy dife a nan Tiki pandan weekend nan, an kontras, La Grès kontinye ap pran gwo fwàp ak yon tanperati malmakak.

Plizyè milye moun evakye, e santèn rezidans lokal ak touris pran bato e kouri chape poul yo.

Plis pase 266 ponpye grèk ap miltipliye mannèv ak 66 veyikil pou konbat dife a nan Evia; yo jwen egalman bourad krese sere 200 ponpye Ukrenyen ak Romanyen ki te debake avèk 23 veyikil ak sèt avyon ponpye.

Comments are closed.