Plizyè santènn pwofesè pwan lari pou pwoteste kont rakèt gaz la nan Pòdpè

128
0
Share:
TRiboLAND

 PÒDPÈ__(TRiboLAND) Yon gwoup pwofesè leve kanpe Jodi 13 Septanm 2019 la nan Pòdpè pou rele koukouwouj dèyè otorite yo ke yo estime ki dèyè jwèt pike kole kap fèt avèk gaz la nan depatman Nòdwès la.

Selon Kòdonatè UNOEH, Marcdonaire Antoine ki deklare ke otorite yo ta sanble yo genyen men yo tranpe nan mache nwa kap fè avèk gaz la nan Pòdpè. Konsa, se tout afè nòmal antan ke pwofesè pou nou pwan lari-a e akonpanye popilasyon ki deja ap sibi eksplwatasyon kwonik. Konsa, nou vle denonse zak vagabondaj rakèt gaz la ki finn arroyo nan drum alòske ponpis yo pa respèkte kominike entèdiksyon jwèt ti moun gouvènman an te mete deyò sa pa gen lontan.

Kòdonatè UNOEH, Marcdonaire Antoine nan Pòdpè

Kòdonatè-a menase lekòl demen Lendi-a kapab fèmen pòt yo sitout fwa otorite yo pa mete yon fwen nan zak vagabondaj sa yo ki ta sanble gen men moun ki danse kole ak pouvwa a.

Ychmuth Corneille, TRiboLAND

Share:

Leave a reply