Pòdpè: Ouvèti lekòl la fèt sou fatra santi

0 408

Pòdpè__(TRiboLAND) Nan tout ri ou pase nan vil Pòdpè gen yon depotwa fatra ki kanpe tankou polis ap fè moun esplikasyon nan premier jou ouvèti lekòl la. Konsa, kontrèman jan mounvman sitwayen kanpe nan Kwa Dèboukè pou netwaye vil la avan lekòl ouvwi; pat gen oken inisyativ ki pwan bò kote sitwayen ak otorite edikasyon yo pou ta make 1e jou klas la. Tout ri pwensipal site Kapwa Lamò-a apante ak yon mònn fatra kap degaje move odè nan figi tout pòdpezyen pòdepesyène ki ta sanble inyore pwezans dechè say o ki bay repinyans.

Pou anpil moun, premye jou lekòl la te pou anpil moun li te fèt nan yon anbyans fèt fatra ki sèvi po flè ki tap di elèv yo Byenveni nan vil ki gen kadav ki an libète pwovizwa yo. Gen lòt tou ki deklare ke vil la maronde ak pichon politisyen ki san visyon, san wont san santiman ki lage nou nan lanfè enfènal.

Ouvèti lekòl la vinn jwenn yon vil sikre tankou tòchon; gallon gaz ap vann 1000 goud; paran ki pa wè ni moute ni desann ak kanè kap kanni nan tiwa direktè lekòl cheran; pwoblèm bò kote pwofesè yok e leta ap pase anba betiz digdantan alòske yo poko touche yon pyas Lesko; san konte kriz grangou ak serèch ki kwaze pye-l nan depatman Nòdwès la. kap bwase bil


Se premye ane ke sitiyasyon an parèt konsa si nou vle kwè kèk pwofesè mele ak paran san nou pa bliye direktè lekòl yo nan vil kap antere-a.

Padan pasaj kèk pèleren nan Metwopòl Nòdwès la, reyalize dirijan ou repwezantan vil la sa pa gen ni pye ni tèt. Yo kalifye yo kòm yon pakèt mechan enkonpetan kap piye vil la pou yo ale.
Louvèti lekòl la fèt anba fatra ak labou santi, grangou, kriz gaz, kriz politik, ak mizè nwa ki mete dlo nan je tout pitit Nòdwès ki gen santiman.

Jehrbson PETIT, TRiboLAND

Leave A Reply