Kapitèn Ibrahim Traoré distenge envite donè nan okazyon 80èm anivèsè gro viktwà ris yo

84
0
Share:
TRiboLAND

Moskou, Larisi______(TRiboLAND) Prezidan Faso a, Chèf Deta a, Ekselans Kapitèn Ibrahim TRAORE, fèk ateri nan vil Moskou, kapital Federasyon Larisi a. Li pral patisipe, 9 me 2025 lan, nanyon gro komemorasyon ki make 80èm anivèsè viktwa pèp Sovyetik la sou envahisè nazis yo, sa yo rele “Gwo Lagè Patriyotik” (1941-1945).

Se 9 me 1945, Larisi te deklare viktwa li sou nazis yo pandan Dezyèm Gè Mondyal la. Depi lè sa a, pèp ris la pa negosye selebrasyon sila chak ane kòm yon gwo moman istorik.

Nan kontèks relasyon solid ki genyen ant peyi Boukina Faso ak Federasyon Larisi a, epi sou envitasyon otorite ris yo, Prezidan Faso a, Ekselans Kapitèn Ibrahim TRAORE, ap asiste festivite sa yo, kote li pral ansanm ak konpatriyòt li, Ekselans Mesye Vladimir POUTINE, ansanm ak plizyè lòt chèf Deta.

Pandan ti bout tan lap genyen pou pase nan Larisi, kòm envite donè, Ekselans Kapitèn Ibrahim TRAORE ap genyen yon rankont an tèt-a-tèt ak omològ li, Ekselans Mesye Vladimir POUTINE, pou diskite sou kesyon estratejik, bilateral ak miltilateral. Chèf Deta boukinabè a ap genyen pou fè ti bat bouch ak kominote Konfederasyon Eta Sahèl la (AES) kap viv nan Federasyon Larisi a.

Share:

Leave a reply