Ayiti: Minis Nome Afè Lòtbòdlo ak Kult yo, Majorie Alexandre Michel bay demisyon li

0 393

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan yon lèt  dekachte ki date Vandredi 23 Dawou li voye bay Premye Minis nome-a, Frizt William Michel, Marjorie Alexandre Brunache ki se pitit fiy ansyen Pwezidan Dayiti e ki se egalman madan ansyen minis Jistis Michel Brunache, kraze yon divòs ak gouvènman anplas la kòm minis nome Afè Lòtbòdlo e avèk Kult.

Madan Brunache ki di li genyen anpil kontrent fas yon parèy desizyon anba obligasyon demisyon-lan, pa manke reafime volonte li pou li kontinye sèvi e bay peyi li jarèt, yon peyi ki pou nou tout.

Desizyon demisyon kraze kite sa Madam Brunache la chita sou yon bit konsiderasyon pèsonèl, pandan ke li raple ke se yon onè pou li te jwenn benediksyon ekselans lan lòske li te asèpte nome li kòm sitwayen ki ta pwal okipe pòs minis Afè Lòt Bòdlo e avèk Kult 23 Jwiyè 2019 la, selon arete ki te parèt nan jounal ofisyèl “Le Moniteur”, nimewo 123.

Leave A Reply