Tanpèt twopikal Dorian mete tèt li an direksyon Ayiti

0 453

Depwesyon twopikal ki te anba siveyans nan Ès ti Zantiy yo ayè Samdi-a, venn devni yon tanpèt twopikal ki pote non Dorian. Tanpèt sa ki se katriyèm pami plizyè tanpèt ki deja anrejistre pou sezon an ap layite kò-l sou 10.7 latitid Nò e 49.1 lonjitid Wès kote ke lap wonfle a 1,165 kilomèt nan Ès Barbad.

Nan Miami, Sant Nasyonal ki jere mouvman Ouwagan nan Etazini konfime ke Dorian gen yon mache pwese ke yo estime a 19 km nan direksyon Wès e li genbe tèt li dwàt; konsa tou li kapab trese lèl nan dirèksyon Wès-Nò-Wès jodi Dimanch lan e kontinye mache tèt dwàt pwan trajèktwa li jiska Madi.

Ekspè ki kontwole tan yo estime van Dorian yo pwan jarèt nan dènye kadè yo; e yap degaje yon rafal gason pa kanpe ki estime a 65 km/h ke moun ka santi a 35 km pa rapò mitan fontènn tèt Dorian. Van Dorian yo gen pou kontinye ogmante nan jou kap vini la yo (120km/h e anplis) e petèt se sa ki pwàl pèmèt li devni yon ouwagan vè zònn Madi.

Anatandan, trajektwa Dorian an estime pou 5 jou e lap travèse Ispanyola e disi Mèkredi oubyen Jedi lap bay Repiblik Dominkènn ak Ayiti yon sekous (si trajèktwa li pa chanje pa rapò avèk vitès deplasman li). Konsa, Inite Idwo Meteyolojik nan konplisite avèk Direksyon Pwoteksyon Sivil mete kè yo sou biskèt yon fason pou kapab siveye ak kontwole demakaj Dorian yo; konsa pou yo kapab enfòme popilasyon ayisyènn sou divès pwoteksyon nesesè.

Leave A Reply