Guyànn: gouvènman an reafime pozisyon li sou dosye Ayisyen kap visite peyi-a

0 327

GEORGETOWN, Guyann –(TRiboLAND) Nan yon konferans ke li bay ayè Vandredi-a, gouvènman Guyann nan reitere ke pa gen okenn sitwayen Ayisyen ke yo jwenn ki reyèlman enplike nan aktivite trafik moun e avèk fè moun antre nan kontrebann nan peyi Guyann.

Minis Sitwayènnte Guyànn nan, Winston Felix deklare bay Lapwès ke Ayisyen pa non sèlman viktim de krim sa yo, men tou yo pa danse kole ak yo. Li kontinye pou li di, malgre mannikèt ak sansasyon yon bon pati nan media ak tout opozisyon an ap manniganse sou do Ayisyen kap vizite Guyann, oken envèstigasyon otorite yo pa reyèlman jwenn evidans ke Ayisyen enplike nan sak ki gen pou wè avèk trafik moun.

“Plizyè ajans gouvènmantal tankou Lapolis ak Sèvis Nakotik toujou ogadavou pou detekte aktivite trafik moun ak kontrebann, nou pa jwenn oken Ayisyen ki nan jan de bagay sa yo ke kèk moun mal entansyone nan media vle fè konpwann lan. Okontrè, nou jwenn lòt natyonalite tankou: Venezwelyen, Dominiken ak anpil Guyànèz. Nou jwenn yo e nou pibliye yo, men nou pa jwenn Ayisyen. Bagay san fondman say o fèt se jis pou sal imaj gouvènman guyànn nan”, selon Minis Felix ki tap pale.

Leave A Reply