Chofè taksi moto yo plenyen defèt

0 335

Triboland.com 01-23-2019

Nan maten 22 Janvye 2019 la yon group chofè taksi moto te leve byen bonè mete barikad nan mitan tankou nan rantre vil pòdpè a nan objektif pou mande responsab pomp gaz yo nan vil la pou yo sispann vann gaz a moun kap fè mache nwa yo. Sitiyasyon an te konplike kote grevis yo te kanpe an kwa ak pik nan men yo pou pike moto kap pase al fè aktivite yo. Dapre yo, menm jounen an te dwe paralize; moto taksi pat dwe nan lari. Li pat pwan tan pou fòs de lòd yo debake e kraze tout barikad ki te genyen apre yo te fin fè plizye arestasyon e domaje plizye moto. Tout grevis yo te retire tè nan manchet yo et aktivite yo te reprann nan yon titan ki pa tro lwen.


Dapre kek patizan viktim nan grev sa jounen 22 janvye 2019 la, yo fe konnen se pi gro kap kraze pipiti; paske yo paka manje; yo gen
sòl pou yo peye; yo pwan kout ponya; timoun pou yo voye lekòl; epi lavi chè a ap moute tet neg; se selman gidon moto a yo gen nan men yo aloske yo paka travay koz gaz la ki akapare ak yon ekip moun kap fè mache nwa. Grev sa a pat rive pwan akoz Lapolis ki te gentan pwan kontrol sitiyasyon an byen bonè.


Nap soulinye pou nou tout komanse gen yon amelioration kifet timidman paske gen kek moun ki fè gaz, men sa pa anpeche gen plenyen bòkote kek chofè taksi ki fè pati ACTMNO (Association Chofè Taksi Moto Nodwes) ki plenyen paske ponpis yo pa vle vann gaz. San nou pa ekate lavi chè ke pyes otorite poko di anyen de li…

Jehrbson PETIT / Triboland

Leave A Reply