Kòman yon moun kapab venn pi entelijan emosyonèlman

0 379

Entelijans emosyonèl se yon abilite yon moun genyen pou li idantifye onbyen metrize emosyon oubyen emosyon lòt moun. Li teni kont plis pase 67% chans pou yon moun fè siksè, e Intelligence Quotient ou kapab afekte siksè ou menm si ou genyen yon Intelligence Quotient ki elve, yon nivo abilite ak yon talan natirèl.

  1. Konsyans de swa: lè ou kosyan de ou menm kapab ede-w evalye, pwevwa yon seri bagay e fasilite-w travay pi byen avèk moun ki nan antouraj ou ki genyen pi bon abilite nan kèk domènn.
  2. Kontwòl de swa: abilite pou kontwole pwòp tèt ou vle di ou kapab pwan desizyon rasyonèl menm lè ou anba pwesyon.
  3. Senpatik: se yon abilite pou ou mete-w nan plas yon lòt moun, e anmezi pou reponn yon fason rezonab a yon seri pwoblèm pèsonèl e pwodwi kritik konstwiktif.
  4. Motivasyon: lè ou genbe tèt ou motive fè-w yon mèyè travayè ki kapab evite pwokrastinasyon, atenn objektif ou e ogmante konfidans ou.
  5. Abilite sosyàl: abilite sosyàl pa sèlman enpòtan pou yon pèsonèl travay angaje, men li vital tou pou fè konbit ak kolònn.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply