Yon ti avyon kraze nan Okay: Lapolis mete twa endividi anba kòd

496

Okay___(TRiboLAND) Se yè swa ki te Samdi 23 Novanm lan ke Lapolis nasyonal la nan Okay mete anba kòd twa endividi apwè ke yon ti avyon kraze nan zònn twa zyèm seksyon kominal Sen Jan Disid, nan yon lokalite ki rele Nan Mwen nan Sid peyi-a. ki se yon avyon mote marasa Beechcraft 200 king Air No XB-PYB

Vargas Flores Andres ak Avila Juan Jose ki se 2 pilot meksiken, yon chofè taxi ayisyen John Jimmy Archil, se twa moun sa yo ki jwenn arestasyon yo nan avni Catagena nan Okay apwè ke yo te arive fè yon aterisaj fòse akoz disfonksyonalite motè goch avyon an, dapwè deklarasyon etranje sa yo. Nan avyon sa ki kraze, otorite ayisyen yo jwenn gaz an resèv ak kèk lòt objè.

Dapwè Komisè gouvènman Okay la, Ronald Richmond, avyon an ki ekipe de 2 motè marasa mak Beechcraft 200 King Air Nimewo: XB-PYB, te pwan vòl depi peyi Beliz e li te kase bòde nan peyi Venezwela pou yon chajman 900 kilo kokayinn ke yo ta dwe livwe nan peyi Guatemala. Toujou dapwè deklarasyon Richemond, pilòt panyòl yo konfime ke yo te jwenn yon $10,000 US kòm avans pou fwè vwayaj e yo chak tap gen pou resevwa 150 mil dola US nan men yon patwon ki re le Lobo nan Guatemala.

Antouka, fòs lòd yo fè eta de divès moun kite pwèt pou fè va sou $10,000 pilòt yo te gen nan men yo kèk tan apwè aterisaj fòse a; pami endividi sa yo ou jwenn yon sètèn Jacqueline Dormenard ak Peterson Préval, dapwè komisè gouvènman an nan vil Okay nan Sid peyi-a.

Comments are closed.