Ak yon ver dlo e yon figmi, yon moun ka kòmanse yon mèyè jounen

0 331

Yon ti dejene

Anpil moun kwè nan gwo dejene lematen san yo pa konnen li lè li tan pou yo fini avèk pwatik sa yo ki reyèlman pa fè kò-a byen. Yon ti dejene ki trè sen e desan genyen anpil benefis ladan-l gras avèk yon figmi ak yon vè dlo cho. Efè 2 bagay sa yo kapab pote yon pakèt byenfè inkwayab poukò-a.

Efè yo

Kòmanse chak jounen ak yon ver dlo cho ak yon figmi se pi gwo metòd pou yon bon ti dejene. E sa gen anpil fason li kapab ran vi-w ere paske rezilta li bay la trè enkwayab. Ebyen, ti dejene sa se fason ki pi sinp pou yon moun ka pèdi pwa. Figmi an jeneral stimile dijesyon e aktive metabolis ou.

Franchman konbine abitid sa ak lòt bagay tankou fè egzèsis tanzantan e limite kantite alkòl kapab ba ou yon pakèt rezilta ki trè enpresyonan sitou si ou vle pèdi pwa. E yon lòt bagay li fè lè ou manje figmi sè ke li reyèlman fè ou rasazye pi lontan e li anpeche ou absòbe glisid. Se reyèlman yon ti dejene ideyàl. Eseye-l!

Dlo cho

Manje yon grenn figmi ak yon ver dlo cho se yon egselan lide. Konsa tou, bwè yon ver dlo cho pandan vant ou vid se sa nèt. Wap sezi wè kòman sa ap ran sante-w ameliore. Bagay sa sufi pou sekirize sante-w e ti bagay ki rele rum avèk grip tout sa se rans. Anplis, po kò ou gen pou vinn bèl san nou pa bliye rediksyon doulè mansyèl lakay medam yo. Degaje-w fè sa san pèdi tan!

Triboland.com

credit photo: factholics

Ak yon ver dlo e yon banana, yon moun ka kòmanse yon mèyè jounen

Leave A Reply