Depatman Nòdwès ap pwan lanm anba flanm lanfè mizè ki san parèy

0 516

NÒDWÈS/AYITI–(TRiboLAND) Otorite konsène yo pa sispann jwenn mesaj detrès popilasyon Nòdwès ki agonize fas a sitiyasyon malnitwisyon, mizè, enfwastrikti medikal, enfwastrikti woutyè, sechrès ak ekstrèm povwete. Majorite èd entènasyonal peyi-a resevwa toujou enjekte pwensipalman nan Larepiblik Pòtopwens e pafwa mirakilezman nan kèk lòt pwovens esèpte nan Nòdwès. Pafwa wap poze tèt ou kesyon eske se pa yon konplo nasyonal pou efase Nòdwès souk at jeografik la.

Yon depatman kap senyen e ki an agoni depi dè syèk, koulya rive nan fen pou ran dènye soupi li anba zye repwezantan voryen, inyoran ki pa gen lòt objektif se amase richès, naje nan kòripsyon e konplote ak rès peyi-a pou somalize Nòdwès. Oh konbyen vagabon imoral ak delinkan kòl nan kou ki eksplwate naivte, enosans ak inyorans popilasyon sa ki, definitivman devni yon senbòl povwete an Ayiti pou nou pa di nan Karaib la!

This image has an empty alt attribute; its file name is mize-nan-Ba-Nodwes_Samuel.jpg
Samuel ap fè wout lwen yon fason pou jwen 2 bwanch zèb pou bourik li.

Nou ri kont nou menm e nou kriye pi plis toujou, lè nou tande rès peyi-a ap rele de men nan tèt pou mizè! Si yon moun bezwen konnen ki sa ki rele mizè, fè yon kout pye nan machinn, pwan wout Kafou Jòf e rive nan Nòdwès epi wa banm nouvèl! Si ou gen chans rive, e ale fè yon ti gade Ba Nòdwès! Atansyon, fè yon fason pou ou pa tonbe malad, paske pa gen bagay ki rele Sant Sante menm pou premye swen! Ki donk, komanse nan lokalite Mahotyè rive jiska Sous Blanch epi wap fini pa dekouvwi enòmite kriminalite eli lokal yo ansanm ak gouvènman peyi-a kont Nòdwès. Nan zònn sa yo, wap resi wè nan ki kondisyon moun ap viv e de ki sa yo viv! Wap sezi wè ki kantite wout yon abitan ki rele Samuel ap fè ak 2 bourik pou chèche 2 bwanch zèb pou yo! Wap sezi wè, moun ap mache pandan yon jounen pou ale dèyè yon ti galon dlo sal. Wap sezi wè se tè tif ki ranplase manje pou kèk ti moun kwatchòkò! Wap sezi wè nan eta depatman: Prezidan Jovenel Moise, Premye Dàm Martine Moise, Senatè Evallière Beauplan, Senatè Louis Onondieu, Senatè Kedler Augustin, ak anpil lòt depite. Wap sezi wè kòman moun ki mal nouri ap eseye fè yon ti kilomèt wout ak pèl e pikwa. Konsa, li enpòtan pou-w konsanti aske le Nord’Ouest dwe antante yon pwosè devan tribinal entènasyonal kont tout sa yo ki responsab dràm onbyen olokòs sa.

Yon depatman kap mouri san pale! Lajan chada fè chyen danse! Devlopman ekonomik tèlman pase lwen jènn nou yo, yo vinn pèdi fakilte pou diferansye “le faux du vrai”; enkapab pou kanpe ankwa devan enpidisite; enkapab pou kanpe kont kòripsyon ak imoralite; enkapab pou di “NON” ak ekskluzyon sosyàl; enkapab pou di non a ti kit alimantè chak deseni; enkapab pou konpwann ki sa yon peyi ye; finalman, enkapab pou konpwann ki sa dwa moun ye an jeneral. Yo ba yo Zanana pou Suzann e achte dinyite yo ak valè yo kòm moun avèk ti senkòb chada; pandan se tan, atoufè san konsyans yo ap boule dola e fè fòtinn nan Pòtopwens ak peyi lòt bò dlo. Kleren, pwomès, bann rara ak dwòg se pi bèl zouti pou eli kriminèl sa yo. Vye pwatik manje ranje sa yo fini ak kapasite mantal jenès Nòdwès la; ki donk yon fason pou anpeche yo idantifye oseyan mizè ak dezè fatra kap detwi fakilte kognitiv yo chak jou.

This image has an empty alt attribute; its file name is sechres-nan-Ba-Nodwes.jpg

Yon depatman ki depouvi de tout e ki selon move tretman, ofisyezman pa fè pati tèritwa nasyonal la. Malgre Nòdwès ap desose, leta federal mal pou wont lan kontinye ap degòje depatman kap trepase-a anba Taksasyon. Sa ki pi tris, tout koleksyon lajan sa yo pa rete nan depatman an pou finanse pwojè sosyàl ak devlopman ekonomik rejyon an. Tout fèb mwayen depatman an al anrichi pòch gwo zouzounn ak politisyen kòwonpi nan Repiblik Pòtopwens lan. A koz inyorans ou enkonpetans, lidè tèt pa dwat ki pa sispann vwomi pwomès chak segonn,  koz Ayiti ap somalize e menm denasyonalize pwèske chak minit. Malerezman disparisyon peyi-a deja remakab nan Nòdwès ki viktim de yon seri konplo nasyonal e kwonik. Si yon moun ta pwan chans ale nan Nòdwès, l ap ekstrèman difisil pou li konpwann ki sa lòt depatman yo rele mizè ak kalamite. Se toutalman anyen nan:

  • strateji pou ranfòsman pwodiksyon agwikòl
  • politik piblik onivo sante / enfwastrikti medikal
  • sekirite alimantè
  • politik serye sou ibanizasyon
  • politik piblik an matyè fòmasyon pwofesyonèl
  • enfwastrikti woutyè
  • aksesibilite dlo potab
  • aksesibilite edikasyon ak teknoloji
  • politik sekirite ak twankilite piblik
  • eletwisite
  • aeroport
  • aewodwòm
  • enfwastwikti pòtyè ak maritim
  • politik asistans sosyàl ou pwoteksyon sivil
  • politik eksplwatasyon/ pwezèvasyon resous imènn
  • enfwastrikti piblik e sèvis ibènn
  • politik kont chomaj kwonik e ankadreman de kad pwofesyonèl
  • pwoteksyon ekolojik ou anviwònnmantal

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply