Edikasyon Nodwès la pa ka soti nan koma san yon mouvman patenarya ak kolaborasyon efikas

0 292

Triboland.com 01-19-2019

Patenarya nan edikasyon yon peyi pa yon bagay nouvo, si nou ta vle konsidere yon pakèt gwoup kominotè e relijwez ki te travay an kolaborasyon ak lekòl nan tan pase te bay anpil siksè e rezilta akademik yo te trè konpetitiv minm onivo entènasyonal. Savle di ki sa; fanmiy e lidè kominotè gen anpil a wè avèk kapasite fonksyonel erantab yon system edikasyon. Jodia malerezman, mekanism sayo pa egziste ankò. Si lontan kad nou yo se te pwa lou kite trè demande a letranje espesyalman an Afrik (Benin); kontrèman jounen jodia yo pa pran oserye konpetans sistèm edikasyonel nou an.

Salle de classe de l’Ecole nan Palan

Sevre gen anpil tibilans politik, korupsyon ap vale teren, valè sivik ak moral nou preske pa egziste…eksetera; antretan, younn nan pi gwo deriv la se dezengajman moral epatisipasyon sosyal, poum pa di disparisyon total capital wòl defòs patenaria ekolaborasyon yo nan developman sistematik edikasyon nou an prensipalman nan Nodwès.

Nan tanpase, paran, entite relijye, lidè kominotè, ak patnè komèsyal te konn jwe yon wòl aktif nan developman edikasyonèl yon ti moun. Chènn solidarite sa te tankou santinèl kap veye e kwape ninpòt fòs etranje ou enfliyans kiltirèl ki kapab enpwazone espas edukasyon peyi a. E se la nou konprann byen provèb ki di: “Li pran tout yon vilaj pou elve yon timoun”. Nan peyi kap fè efò pou rasure yo ke pèp lakay yo toujou an egzistans e genyen yon demen miyò, se tout fraksyon nan popilasyon sa yo ki bay tèt yo yon devwa sakre nan bay jarèt pou sipòte e ede sitwayen lakay yo devni yon sèvo oubyen yon veritab motè de transfòmasyon pou developman.

Li mande yon elan konsyans, yon efò konsète ak yon ti flakon reflex ki pa mande twòp bagay sinon ke resisite valè ak engajman patriyotik nou e kapasit oubyen pouvwa prodiksyon imènn nou antan ke moun kap panse. E tout atou sayo te la deja; tankou konbit kominotè, wòl oubyen pouvwa otoritè ke paran te konn bay a edikatè, pwogram leson patikilye, sibvansyon liv ak atik eskolè bò kote diferan komèsan, alians relijye, aksyon koperative, aksyon pou pwomosyon e pwoteksyon sivil, yo tout te ranfòse sistèm edikasyon nou an kite alepòk djanm e respèktab. Nou kontinye di bwavo a tout konpatryot ki kwè nan jeni nodwès la e ki vle divòse ak tout fòm kòripsyon ak tout fòm pwomosyon enpòtasyon vye lòt pwatik kiltirèl kap kontinye plonje nou nan koma ak povrete absoli.

Jodia, pwomosyon timid kap fèt pou bay edikasyon nou an jarèt nan Nodwès oubyen pou resisite aki pozitiv sayo dwe dote de yon etikèt eroik. Zye pa dwe fèmen sou yo! Entite endividyèl, malgre fèb mwayen yo kap sakrifye yo pou yo kapab valorize edikasyon atravè diferan fòm koperasyon, sibvansyone liv ou materyèl edikasyonèl pou ekolye, fasilite sikilasyon enfòmasyon, deba ou kolòk kap analize nivo edukasyon an nan depatman an, pwomosyon aksè a enfòmasyon a yon gwoup moun, pwomosyon frè skolarite, aktivite alfabetizasyon e pwofesyonel, tout efò monimantal ero sa yo, se espwa pou yon lòt demen. Se yon seri faktè ki kapab stimile system edikasyon ane bay rezilta ki trè konfòtab. Yon lòt edikasyon posib nan Nodwès se lè nou asèpte develope yon ADN Capois nan nou ak yon revèy sitwayènn tankou jan sa ap pase nan Sen Domeng, nan Rwanda. “Youn ede youn” oubyen “Envesti nan moun” atravè patenarya, konbit, e kolaborasyon pou yon edikasyon efikas.

Triboland Staff Writer

Leave A Reply