Ayiti: 67 nouvo polis ofisye gradye jodi-a

0 379

PÒTOPWENS_(TRiboLAND) Yon nouvèl pwomonsyon komisè polis gradye jodi ki Jedi 1 Dawou-a nan Pòtopwens. Se apepwè 67 nan gwo gaya sa yo ki pwal ranfòse kapasite sekirite PNH la onivo divizyonè, dapwè alokisyon chèf leta-a, Jovenel Moise.

Antouka, komisè sa yo ki deja ap feraye nan kò polis-la, pwal deplòtonnen nan diferan depatman jeografik peyi-a, yo te resevwa diplòm ak grad komisè apwè ke yo te finn pase 7 mwa fòmasyon.

Pwezidan Jovenel te kontinye pou li egzòte nouvo pwomosyon sa pou egzèse fonksyon yo polis avèk anpil pwofesyonalis anba devise “pwoteje e sèvi”. Li pap sispann mande yo pou mete bandi kap simen dèy yo an karantènn epi tou garanti yon klima djanm an tèm sekirite.

Bò kote pa li, Direktè Lekòl Nasyonal Polis-la, Me Francène Maurepas te mete chapo-l byen ba pou li te salye kouraj 67 komisè divizyonè pou kouraj y oak tout detèminasyon pou pase epwèv yo.

Leave A Reply