OKAY /Arestasyon: Apwè plisyè mwa peripesi, Lapolis Nasyonal Dayiti resi mete lapat sou gwo chèf gang Anel

OKAY__(TRiboLAND) Se apwè midi-a jodi 22 Jwiyè 2019 la, nan vil Okay ke lapolis nasyonal arive mete men nan kasav Anel Joseph, youn nan pi gwo chèj gang ki fè pale de li anpil sou tèritwa nasyonal-la.
Chèf gang vilaj de Dieu-a ki te nan lopital Bònn Fen, nan Okay tap chèche boske swenyaj medical pou sante li. Se nan yon yon konsè sov ki pe ak yon seri rafal kout zam san zatann ke yo arive metrize chèf gang lan ak tout perimèt lopital-la, dapwè yon enfimyè ki vle rete anonima. Yon enfòmasyon ki pwal apwè konfime e ki pa trò detaye avèk pòt-pawòl lapolis nasyonal Dayiti-a, Michel-Ange Louis-Jeunes.
Anel ke yo tap chèche depi kèlke mwa nan tout depatman Latibonit lan patikilyèman nan baz li Machan Desalinn, te fè pale de li anpil, sitou nan detoune machandiz moun, elaji aktivite gang nan Santral peyi-a san konte yon latriye zak banditis teorize tout yon popilasyon.
Antouka, se tout peyi-a ki an bwanl avèk arestasyon Anel ki ta sanble li te anba anpil emosyon lòske yo te mete men sou li pandan desant delye-sa ki fèt nan lopital Bònn Fen nan depatman Sid peyi-a. Yon operasyon ki fwa sa ateri pami plizyè lòt ki te mete Polis Nasyonal-la an dewout.
Chèf gang vilaj de Dieu-a gen enterè pou negosye ak Lapolis. Se yon bon materyo pou Lajistis! Se yon chèf gang ki ta sanble gen anpil bwa dèyè banann li. Konsa, li ta sipoze jwenn anpil bonjan pwoteksyon yon fason pou anpeche gwo zwazo sispèk pa voye-l nan peyi san chapo san pale.






